17
“Lespri m fin kase.
Jou m yo etenn;
tonbo a pare pou mwen.
Anverite mokè yo avè m,
e zye m fikse sou pwovokasyon yo.
 
“Depoze la koulye a, yon sekirite.
Kanpe kon garanti mwen, ak Ou menm.
Se kilès ki kab antann avè m?
Paske Ou te anpeche kè yo konprann;
pou sa, ou pa p egzalte yo.
Sila ki enfòme kont zanmi li yo pou piyaj la,
menm zye pitit li yo va vin gate.
 
“Men Li te fè m vin tounen yon vye pwovèb pou pèp la.
Konsa, yo vin krache sou figi m.
Anplis, zye m vin pa wè klè akoz doulè m,
e tout nanm mwen tankou lonbraj.
Moun ladwati va byen twouble ak sa,
e linosan an va leve li menm kont enkwayan yo.
Malgre, moun dwat la va kenbe chemen li
e sila ki gen men pwòp yo va vin pi fò e pi fò.
10 Men nou tout, retounen;
malgre mwen pa twouve yon nonm saj pami nou.
11  Jou pa m yo fin pase, plan mwen yo vin chire nèt,
menm dezi a kè mwen yo.
12 Yo fè lannwit mwen vin sanble lajounen.
Yo di ‘limyè a toupre’ lè tout se fènwa.
13 Si mwen chache Sejou mò yo kon lakay mwen,
si mwen fè kabann mwen nan tenèb la;
14 Si mwen kriye a fòs tonbo a:
‘Se ou ki papa m’; epi a vè a:
“Ou se manman m ak sè m’;
15 Alò, koulye a, se kibò espwa mwen ye?
Epi se kilès k ap okipe espwa m?
16 Èske espwa m va desann avèk mwen
nan Sejou Lanmò yo?
Èske se ansanm n ap desann nan pousyè a?”
 
17:2 Job 12:4 17:4 Job 12:20 17:6 Job 17:2 17:6 Job 30:10 17:7 Job 16:16 17:8 Job 22:19 17:9 Pwov 4:18 17:9 Job 22:30 17:10 Job 12:12 17:11 Job 7:6 17:13 Job 3:13 17:14 Job 21:26 17:15 Job 7:6 17:16 Job 3:17