16
Epi Job te reponn:
Mwen tande anpil bagay parèy a sila yo;
move konsolatè nou tout ye.
Èske pa gen limit sou pawòl kap pouse van a?
Oswa se kilès k ap toumante ou ki fè ou reponn?
Mwen osi ta kab pale tankou ou, si mwen te nan plas ou.
Mwen ta kab konpoze pawòl yo kont ou
e souke tèt mwen sou ou.
Mwen ta kab ranfòse ou ak bouch mwen,
e senpati a lèv mwen ta kab redwi doulè ou.
Mem si mwen pale sa pa redwi doulè m;
si mwen ralanti nan pale, se kisa ki kite mwen?
Men koulye a, Li fin fatige m nèt;
Ou, Bondye, te gate tout zanmi m yo.
Ou te fè m vin sèch nèt. Sa devni yon temwen kont mwen.
Epi jan mwen vin mèg, leve kont mwen.
Li fè temwayaj devan figi mwen.
Kòlè Li fin chire mwen e chase m jis atè,
Li te modi blese m ak dan L.
Advèsè mwen an chase mwen ak menas Li.
10 Yo te gade m, bouch yo louvri.
Yo te souflete m sou machwè m ak mepriz;
yo te oganize yo menm kont mwen.
11 Bondye te plase mwen nan men enkwayan yo,
e te jete mwen nan men a mechan yo.
12 Mwen te alèz, men Li te brize mwen,
Li te sezi mwen nan kou
e te souke mwen jiskaske m fè mòso;
anplis li te fè m objè tiraj.
13  Flèch Li yo antoure mwen. San pitye Li fann ren mwen ouvri nèt.
Li vide fyèl mwen atè.
14 Li kase antre brèch pa brèch;
Li kouri sou mwen kon yon jeyan.
15 Mwen te koud twal sak sou kò m
epi pouse kòn mwen antre nan pousyè.
16 Figi mwen vin wouj akoz kri mwen yo
e pòpyè zye m vin fonse nwa,
17 Malgre nanpwen vyolans nan men m,
e priyè mwen yo san tach.
18 O latè a, pa kouvri san kò mwen.
Pa bay plas pou kriyè m yo pran repo.
19 Menm koulye a, gade byen,
temwen m se nan syèl la.
Avoka m ki pale pou mwen la, an anwo.
20 Se zanmi mwen yo k ap moke m.
Zye m kriye a Bondye.
21 O ke yon nonm ta kab plede avèk Bondye,
kon yon moun plede ak vwazen li!
22 Paske lè kèk ane fin pase, m ap prale
nan chemen ki pap retounen an.
16:2 Job 13:4 16:3 Job 6:26 16:4 So 2:15 16:6 Job 9:27-28 16:7 Job 7:3 16:7 Job 19:13-15 16:8 Job 19:20 16:9 Os 6:1 16:9 Job 13:24 16:10 Sòm 22:14 16:12 Job 9:17 16:13 Job 6:4 16:13 Job 20:25 16:16 Job 16:20 16:19 Wo 1:9 16:20 Job 17:7