15
Epi Éliphaz Temanit lan te reponn:
Èske yon nonm saj ta dwe bay repons
ak konesans ki sòti nan van,
e ki plen tèt li avèk van lès?
Èske li ta diskite ak pale initil,
oswa ak pawòl ki pa gen valè?
Anverite, ou manke respè Bondye
e ou siprime tout kalite bon refleksyon devan Bondye.
Paske se koupabilite ou ki enstwi bouch ou,
e ou chwazi langaj a rizye yo.
Pwòp bouch ou kondane ou, pa mwen;
epi pwòp lèv ou fè temwayaj kont ou.
 
“Èske se ou ki te premye la ki te fèt sou tè a,
oswa èske ou te fèt avan tout kolin yo?
Èske ou konn tande konsèy sekrè a Bondye yo,
oswa èske tout sajès se pou ou sèl?
Kisa ou konnen ke nou pa konnen?
Èske ou konprann sa nou pa kapab konprann?
10 Genyen ni granmoun ak moun cheve blanch pami nou,
ki pi gran pase papa ou.
11 Èske konsolasyon Bondye a twò piti pou ou,
menm mo ki pale ak dousè avèk ou yo?
12 Poukisa akè ou pote ou rive lwen konsa?
Epi poukisa zye ou yo vin limen konsa?
13 Pou ou ta vire lespri ou kont Bondye e
kite pawòl parèy a sila yo sòti nan bouch ou?
14 Kisa lòm nan ye pou li ta kab san tach,
oswa sila ki fèt de fanm nan pou ta kab dwat?
15 Gade byen, Li pa mete konfyans menm nan sen Li yo
e menm syèl yo pa san tach nan zye Li;
16 konbyen anmwens, yon moun ki degoutan e konwonpi;
lòm ki bwè inikite kon dlo a!
 
17 “M ap di ou, koute m byen;
sa mwen konn wè, anplis m ap deklare li;
18  sa ke moun saj konn pale
e ki pa t kache sòti de papa pa yo,
19 A sila yo menm sèl ke tè a te donnen,
e pa t gen etranje ki te pase pami yo.
20 Moun mechan an vire tounen nan pwòp doulè li tout tan,
e fòs lane pou moun mechan yo byen kontwole.
21 Bri laperèz sone nan zòrèy li.
Pandan li anpè, destriktè a rive sou li.
22 Li pa gen espwa sòti nan tenèb la.
Desten li se nepe.
23 Li mache egare pou chache manje epi di:
‘Kote li ye?’
Konsa, li konnen ke jou tenèb la gen tan rive.
24 Twoub ak gwo soufrans fè l gen gwo laperèz.
Yo fè l soumèt tankou yon wa ke yo prèt pou atake.
25 Paske li fin lonje men l kont Bondye
e aji ak awogans kont Toupwisan an.
26 Li kouri kou rèd sou li tèt avan
avèk gwo boukliye li.
27 Paske li fin kouvri figi li ak grès li,
e fè kwis li vin lou ak chè.
28 Li te viv nan vil dezole yo,
nan kay kote pèsòn pa ta rete yo,
ki fèt pou vin dekonble nèt.
29 Li p ap vin rich, ni fòtin li p ap dire;
tèt sereyal li yo p ap janm bese rive atè.
30 Li p ap chape nan tenèb la.
Flanm nan va seche tout boujon li yo.
Kon souf bouch li, lap wale nèt.
31 Pa kite li mete konfyans nan gwo vid la.
Sa a ta yon desepsyon;
paske gwo vid la va sèvi kon rekonpans li.
32 Sa va vin rive avan lè li.
Branch palmis li p ap vèt.
33 Li va souke retire rezen li ki potko mi soti nan pye rezen a,
e va jete flè li kon pye oliv la.
34 Paske konpanyen a enkwayan yo va byen esteril,
epi se dife kap brile tant anba pwès yo.
35 Yo plante mal la, e yo rekòlte inikite;
epi se desepsyon k ap jèmen nan panse yo.”
15:2 Job 6:26 15:5 Job 22:5 15:6 Job 18:7 15:7 Job 38:4-21 15:8 Wo 11:34 15:9 Job 12:3 15:10 Job 12:12 15:12 Job 11:13 15:14 Ekl 7:20 15:14 Job 25:4 15:15 Job 5:1 15:16 Job 34:7 15:18 Job 8:8 15:20 Job 15:24 15:21 Job 20:21 15:22 Job 15:30 15:22 Job 19:29 15:23 Job 15:22-30 15:25 Job 36:9 15:27 Sòm 73:7 15:28 Job 3:14 15:29 Job 27:16-17 15:30 Job 5:14 15:30 Job 4:9 15:31 Job 35:13 15:32 Job 22:16 15:33 Job 14:2 15:35 Sòm 7:14