14
Lòm ki fèt de fanm gen vi kout ki plen traka.
Tankou yon flè, li parèt e li fennen.
Anplis, li sove ale kon lonbraj.
Li pa dire.
Èske Ou ouvri zye Ou sou li
pou mennen li an jijman avèk W?
Se kilès ki kab fè pwòp sa ki pa pwòp?
Pèsòn!
Konsi fòs jou li yo avèk Ou,
fòs mwa li yo avèk Ou.
Ou te etabli limit li ke li p ap kab depase.
Retire zye Ou sou li pou l kab pran repò,
jiskaske li kab konplete jou li yo,
kon yon ouvriye jounalye.
Gen espwa pou yon pyebwa lè l koupe,
li kab boujonnen ankò,
nouvo boujon yo kab reyisi.
Malgre rasin li yo vin vye nan tè a,
e chouk li mouri nan tè sèch,
fè rive yon gout dlo,
e li va pete pouse boujon yo kon yon plant.
10 Men lòm mouri pou kouche plat.
Lòm mouri e kibò li ye?
11 Tankou dlo lanmè fè vapè monte
e rivyè a vin sèch,
12 konsa lòm kouche, e li pa leve ankò.
Jiskaske syèl yo vin disparèt,
li p ap reveye, ni leve ankò.
13 O ke ou ta kapab kache mwen nan sejou lanmò an,
pou ou ta kapab fè m kache jiskaske chalè Ou
retounen kote Ou!
Ke Ou ta fikse yon limit pou mwen, e sonje m!
14 Si yon nonm mouri, èske li va leve ankò?
Pou tout jou a lit mwen yo, mwen ta tann
jiskaske lè rive pou yo lage m.
15 Ou ta rele e mwen ta reponn Ou;
Konsa, Ou ta anvi anpil zèv men Ou yo.
16 Paske koulye a, ou konte tout pa mwen fè yo.
Èske Ou pa swiv peche m yo?
17 Transgresyon mwen yo sele nèt nan yon sachè
Konsa, Ou vlope tout inikite m yo.
18 Men mòn nan kap tonbe pa mòso pa fè anyen;
wòch la ap kite plas li.
19 Dlo a epwize wòch yo, gran fòs li lave pousyè tè a.
Se konsa Ou detwi espwa a lòm.
20 Ou vin fè l soumèt nèt pou tout tan, e li pati;
Ou chanje aparans li, e voye l ale.
21 Fis li yo vin resevwa lonè, men li menm pa konnen sa;
oswa fis li yo vin pa anyen, men li pa apèsi sa.
22 Men kò l fè mal;
epi li fè dèy sèlman pou pwòp tèt li.
14:1 Ekl 2:23 14:2 Job 8:9 14:3 Sòm 143:2 14:4 Job 15:4 14:5 Job 21:21 14:6 Job 7:19 14:10 Job 3:13 14:11 És 19:5 14:12 Job 3:13 14:13 És 26:20 14:15 Job 10:3 14:16 Job 10:6 14:19 Job 7:6 14:20 Job 4:20 14:21 Ekl 9:5