19
Epi Job te reponn:
Pou konbyen de tan, nou va toumante m,
e kraze mwen avèk pawòl yo?
Dis fwa sa yo nou te ensilte m;
nou pa menm wont fè m tò.
Menm si m fè erè, erè sa repoze anndan m.
Si anverite nou vin ògeye kont mwen,
e fè m wè prèv a gwo wont mwen,
alò, konnen byen ke Bondye te fè m tò,
e te fèmen pèlen Li an antoure mwen.
 
“Gade byen, mwen kriye: ‘Vyolans!’ Men nanpwen repons.
Mwen rele sekou! Men nanpwen jistis.
Li te bare chemen mwen pou m pa kab pase,
e Li te mete fènwa sou pa m yo.
Li te retire lonè sou mwen e
te retire kouwòn nan sou tèt mwen.
10 Li kraze desann mwen tout kote e mwen fin disparèt;
Li te dechouke espwa m kon yon pyebwa.
11 Anplis, Li te limen lakòlè Li kont mwen
e te konsidere m kon lènmi Li.
12 Lame Li a vin rasanble pou
bati chemen pa yo kont mwen.
Yo fè kan kap antoure tant mwen an.
 
13 “Li te retire frè m yo byen lwen mwen
e sila mwen te konnen yo vin separe de mwen nèt.
14 Fanmi mwen yo vin fè fayit
e pi pwòch zami m yo te bliye m.
15 Sila ki rete lakay mwen yo ak sèvant mwen yo
konsidere m kon yon etranje.
Mwen se yon etranje menm nan zye yo.
16 Mwen rele sèvitè mwen an, men li pa reponn;
mwen oblije sipliye l ak bouch mwen.
17 Menm souf mwen fè bay ofans a madanm mwen,
e mwen vin abominab a pwòp frè m.
18 Timoun yo meprize mwen.
Mwen leve e yo pale kont mwen.
19 Tout asosye m yo etone ak krent devan m.
Sila ke m byen renmen yo te vire kont mwen.
20  Zo m yo kole sou po m ak chè m;
se sèl pa po dan m ke m chape lanmò.
 
21 “Gen pitye pou mwen, gen pitye,
O nou menm ki zanmi mwen yo,
paske men Bondye vin frape mwen.
22 Poukisa n ap pèsekite mwen menm tankou Bondye
e pa satisfè ak chè mwen.
23 O ke pawòl mwen yo te ekri!
O ke yo te enskri nan yon liv!
24 Ke avèk pwent plim ak plon,
yo te grave sou wòch la jis pou tout tan!
25 Men pou mwen, mwen konnen ke Redanmtè mwen an vivan.
Epi apre tout sa a, li va vin kanpe sou latè.
26 Menm lè po m fin detwi,
malgre chè m fin sòti,
mwen va wè Bondye nan chè a;
27 ke mwen, mwen menm va wè,
ke zye m va wè, e se pa kon yon etranje.
 
“Kè m vin fèb anndan m.
28 Si nou di: ‘Men kijan nou va pèsekite li!’
pwiska rasin ka sa a se nan mwen,’
29 fè lakrent nepe a pou kont nou,
paske lakòlè Bondye mennen pinisyon nepe a.
Fòk nou kab konnen, gen jijman.”
19:5 Sòm 35:26 19:6 Job 16:11 19:6 Lam 1:13 19:7 Job 30:20-24 19:8 Job 3:23 19:10 Job 12:14 19:11 Job 16:9 19:11 Job 13:24 19:12 Job 30:12 19:14 Job 19:19 19:19 Sòm 38:11 19:20 Sòm 102:5 19:21 Job 1:11 19:22 Job 13:24-25 19:23 És 30:8 19:25 És 43:14 19:26 I Kor 13:12 19:27 Sòm 73:26 19:29 Job 15:22