6
1 Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki ✡posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. 2 ✡Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli. 3 Paske ✡si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li. 4 Men chak moun dwe ✡egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè. 5 Paske ✡chak moun va pote pwòp chaj pa l.
6 ✡Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.
7 Pa twonpe tèt nou; ✡Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men ✡sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9 Annou pa ✡dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. 10 Alò ✡pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.
11 Gade ak kalite gwo lèt m ap ekri nou ✡avèk pwòp men mwen. 12 Sila ki vle ✡parèt bèl nan lachè yo eseye fòse nou sikonsi; senpleman pou yo menm pa ta pèsekite pou koz lakwa a Kris. 13 Paske sila ki sikonsi yo pa menm ✡kenbe Lalwa pou tèt yo, men yo desire fè nou sikonsi pou yo kapab vante tèt yo nan lachè pa nou. 14 Men ke sa pa janm fèt pou m ta vante tèt mwen, eksepte nan lakwa a Senyè nou an, Jésus Kris. Atravè Li menm mond lan fin krisifye pou mwen, e ✡mwen menm pou mond lan. 15 Paske nan Kris Jésus, ✡sikonsi pa anyen, ni pa sikonsi pa anyen, men nou devni yon kreyasyon tounèf. 16 Epi pou sila ki va mache pa prensip sila a, lapè ak gras sou yo, e sou ✡Israël Bondye a.
17 Depi koulye a, pa kite pèsòn koze pwoblèm pou mwen, paske mwen pote sou kò m ✡mak a Jésus yo.
18 ✡Ke gras a Senyè nou an Jésus Kris kapab rete ✡avèk Lespri nou, frè m yo. Amen.
✡ 6:1 I Kor 2:15 ✡ 6:2 Wo 15:1 ✡ 6:3 Trav 5:36 ✡ 6:4 I Kor 11:28 ✡ 6:5 Pwov 9:12 ✡ 6:6 I Kor 9:11,14 ✡ 6:7 Job 13:9 ✡ 6:8 Wo 8:11 ✡ 6:9 I Kor 15:58 ✡ 6:10 Pwov 3:27 ✡ 6:11 I Kor 16:21 ✡ 6:12 Mat 23:27 ✡ 6:13 Wo 2:25 ✡ 6:14 Wo 6:2,6 ✡ 6:15 Wo 2:26,28 ✡ 6:16 Wo 9:6 ✡ 6:17 És 44:5 ✡ 6:18 Wo 16:20 ✡ 6:18 II Tim 4:22