5
1 ✡Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.
2 Gade, mwen menm, Paul, di nou ke si nou resevwa ✡sikonsizyon, Kris p ap fè nou okenn benefis. 3 Epi mwen temwaye ankò a tout moun ki resevwa sikonsizyon, ke li anba obligasyon pou ✡kenbe tout Lalwa a. 4 Nou gen tan vin sevre de Kris, nou menm k ap chache vin jistifye pa Lalwa. Nou ✡tonbe kite lagras. 5 Paske nou menm, atravè Lespri a, pa lafwa, n ap ✡tann esperans ladwati a. 6 Paske nan Kris Jésus ✡ni sikonsizyon, ni ensikonsizyon pa vle di anyen, men lafwa k ap aji atravè lanmou a.
7 Nou t ap ✡kouri byen! Kilès ki te vin jennen nou pou nou pa obeyi verite a? 8 Enfliyans sa a pa t sòti nan ✡Sila ki te fè apèl de nou an. 9 ✡Yon ti kras ledven fè tout boul pen an vin leve. 10 Mwen gen konfyans nan nou nan Senyè a, ke nou p ap adopte okenn lòt opinyon. Men sila k ap ✡twouble nou an va pote pwòp jijman pa li, nenpòt moun li ye a.
11 Men mwen, frè m yo, si mwen toujou preche sikonsizyon, poukisa mwen toujou ✡pèsekite? Alò, konsa blòk k ap fè moun bite a, ki se lakwa a, vin aboli. 12 Mwen swete ke sila k ap twouble nou yo ta ✡menm chatre pwòp kò yo.
13 Paske nou te rele pou libète, frè m yo. ✡Sèlman pa fè libète nou an vin tounen yon opòtinite pou lachè, men selon lanmou, pou nou sèvi youn lòt. 14 Paske tout Lalwa a akonpli nan yon pawòl, nan fraz la; ✡“Ou va renmen pwochen ou tankou pwòp tèt ou.” 15 Men si nou ✡mòde e devore youn lòt, fè atansyon pou nou pa fin manje youn lòt nèt.
16 Men mwen di nou ✡mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. 17 Paske ✡lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, ✡pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito. 18 Men si nou ✡mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa. 19 Alò, zèv lachè yo klè: ✡Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi ✡konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap ✡eritye wayòm Syèl la.
22 Men ✡fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan ✡krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.
25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache ✡pa Lespri a. 26 Pa kite nou ✡vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt.
✡ 5:1 Jn 8:32,36 ✡ 5:2 Trav 15:1 ✡ 5:3 Wo 2:25 ✡ 5:4 Eb 12:15 ✡ 5:5 Wo 8:23 ✡ 5:6 I Kor 7:19 ✡ 5:7 Gal 2:2 ✡ 5:8 Wo 8:28 ✡ 5:9 I Kor 5:6 ✡ 5:10 Gal 1:7 ✡ 5:11 Gal 6:12 ✡ 5:12 Det 23:1 ✡ 5:13 I Kor 8:9 ✡ 5:14 Lev 19:18 ✡ 5:15 Gal 5:20 ✡ 5:16 Wo 8:4 ✡ 5:17 Wo 8:5 ✡ 5:17 Wo 7:15 ✡ 5:18 Wo 8:14 ✡ 5:19 I Kor 6:9,18 ✡ 5:20 II Kor 12:20 ✡ 5:21 I Kor 6:9 ✡ 5:22 Mat 7:16 ✡ 5:24 Wo 6:6 ✡ 5:25 Gal 5:16 ✡ 5:26 Fil 2:3