EFEZYEN YO
1
1 Paul ✡yon apot Jésus Kri pa volonte a Bondye, a sen ki an Éphèse yo ✡ki fidèl nan Jésus Kri: 2 ✡Lagras pou nou ak lapè ki soti nan Bondye, Papa nou, ak Senyè a, Jésus Kri.
3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a ✡nan lye selès an Kris yo. 4 Jis jan ✡Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, 5 li te ✡chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. 6 ✡Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan ✡Li menm Ki Byeneme a. 7 ✡Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li, 8 ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans, 9 li te ✡fè nou konnen mistè a volonte Li, selon dous entansyon Li; sa ke li te deja planifye nan Li menm nan, 10 avèk yon plan pou fè sa dewoule ✡lè tan an fin akonpli, pou ✡reyini tout bagay nan Kris la, bagay nan syèl yo ak bagay sou latè yo. Nan Li menm 11 nou vin genyen yon eritaj osi, ki te chwazi oparavan ✡selon plan pa L. Se konsa, Li fè tout bagay mache ✡selon konsèy volonte pa Li, 12 afenke nou menm ki te premye espere nan ✡Kris la, ta kapab sèvi kòm lwanj a glwa Li. 13 Nan Li menm, nou tout osi, lè nou fin tande mesaj Verite a, Levanjil Sali a; akoz nou menm tou te kwè, nou te ✡sele nan Li menm avèk ✡Lespri Sen a pwomès la, 14 ki ✡bay a nou menm kòm yon pwomès eritaj nou an, avèk plan redanmsyon a sila ki vrèman pou Bondye yo, pou lwanj a glwa Li.
15 Pou rezon sa a, mwen menm tou ✡lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo, 16 m ✡pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè 17 ke ✡Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. 18 M priye pou ✡zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. 19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, ✡selon travay de fòs pouvwa Li a. 20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li ✡soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo, 21 pi wo anpil pase ✡tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an. 22 Epi Li te ✡mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la, 23 ki se ✡kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.
✡ 1:1 II Kor 1:1 ✡ 1:1 Kol 1:2 ✡ 1:2 Wo 1:7 ✡ 1:3 Ef 1:20 ✡ 1:4 Ef 2:10 ✡ 1:5 Wo 8:29 ✡ 1:6 Ef 1:12,14 ✡ 1:6 Mat 3:17 ✡ 1:7 Kol 1:14 ✡ 1:9 Wo 11:25 ✡ 1:10 Mc 1:15 ✡ 1:10 Kol 1:16,20 ✡ 1:11 Wo 8:28 ✡ 1:11 Wo 9:11 ✡ 1:12 Ef 1:6,14 ✡ 1:13 Ef 4:30 ✡ 1:13 Trav 2:33 ✡ 1:14 II Kor 1:22 ✡ 1:15 I Kor 1:4 ✡ 1:16 Wo 1:8 ✡ 1:17 Jn 20:17 ✡ 1:18 II Kor 4:6 ✡ 1:19 Ef 3:7 ✡ 1:20 Trav 2:24 ✡ 1:21 Mat 28:18 ✡ 1:22 Sòm 8:6 ✡ 1:23 I Kor 12:27