4
Mèt yo, bay esklav nou yo sa ki jis e rezonab, epi konnen ke nou osi gen yon Mèt nan syèl la.
Konsakre nou menm a lapriyè. Rete vijilan nan li avèk yon atitid remèsiman. Priye an menm tan pou nou menm osi, pou Bondye kapab ouvri pou nou yon pòt pou pawòl la, pou nou kapab pwoklame mistè a Kris la, akoz se pou li menm, mwen menm osi gen tan anprizone, pou m kapab fè li klè nan fason ke m ta dwe pale a.
Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou fè plis ke posib avèk tan an. Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.
Pou tout afè mwen yo, Tychique, frè byeneme, sèvitè fidèl ak sèvitè-atache parèy m nan Senyè a, va pote enfòmasyon bannou. Paske mwen gen tan voye li kote nou eksprè pou rezon sa a, pou nou kapab konnen sikonstans nou yo e pou li kapab ankouraje kè nou. Epi avèk li Onésime, frè byeneme e fidèl nou an, ki se youn nan nou. Yo va enfòme nou sou tout sitiyasyon an isit la.
10 Aristarque, prizonye parèy a mwen an, voye salitasyon bannou; ak Marc, kouzen a Barnabas la, (se sou li, nou te resevwa enstriksyon yo; si li vin kote nou, resevwa l byen). 11 Anplis, Jésus ke yo rele Justus la. Sa yo se sèl ouvriye pou wayòm Bondye ki sòti nan sikonsizyon an, e yo te ankouraje mwen anpil.
12  Épaphras, ki se youn nan nou, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, voye salitasyon bannou. Li ap toujou batay rèd pou nou nan priyè li yo, pou nou kapab kanpe konplè e byen asire nan tout volonte Bondye a. 13 Paske mwen fè temwayaj li, ke li gen yon gwo sousi pou nou ak pou sila ki Laodicée ak Hiérapolis yo. 14  Luc, doktè byeneme a, voye salitasyon li bannou, e Démas tou. 15 Salye frè ki Laodicée yo e osi Nymphas ak legliz ki lakay li a. 16 Lè lèt sa a li pami nou, kite yo li l osi nan legliz Lawodiseyen yo; e nou menm, pou pati pa nou li lèt mwen an k ap vini soti Laodicée a. 17 Epi di Archippe, “Byen okipe èv ke nou te resevwa nan Senyè a, pou nou kapab akonpli li”.
18 Mwen, Paul, mwen ekri salitasyon sa a avèk pwòp men mwen. Sonje chenn mwen yo. Ke lagras avèk nou.
4:1 Ef 6:9 4:2 Trav 1:14 4:3 Trav 14:27 4:3 Ef 3:3,4 4:4 Ef 6:20 4:5 Ef 5:15 4:5 Ef 5:16 4:6 Ef 4:29 4:7 Kol 4:7-9; Ef 6:21-22 4:8 Ef 6:22 4:8 Kol 2:2 4:9 Phm 10 4:10 Trav 4:36 4:11 Trav 11:2 4:12 Kol 1:7 4:13 Kol 2:1 4:14 II Tim 4:11 4:15 Wo 16:5 4:16 I Tes 5:27 4:17 Phm 2 4:17 II Tim 4:5 4:18 Fil 1:7 4:18 I Kor 16:21