I TESALONISYEN YO
1
Paul, Silvain ak Timothée a legliz Tesalonisyen yo nan Bondye, Papa a ak Senyè a, Jésus Kri: Lagras pou nou ak lapè.
Nou bay remèsiman a Bondye tout tan pou nou tout e nonmen non nou nan lapriyè nou yo. San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv lanmou nou yo; jan nou te kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou. Nou konprann, frè byeneme pa Bondye yo, chwa Li menm de nou an. Ke levanjil pa nou an pa t vini a nou menm nan pawòl sèlman, men osi nan pouvwa ak nan Lespri Sen an. Li te vini avèk tout asirans, jis jan ou konnen ki kalite moun nou te ye pami nou an, pou koz a nou.
Nou osi te devni imitatè a nou menm e a Senyè a. Konsa, nou te resevwa pawòl la nan anpil tribilasyon, avèk lajwa Lespri Sen an. Konsa, nou te devni yon egzanp pou tout kwayan nan Macédoine ak nan Achaïe yo. Paske pawòl a Senyè a te deklare soti nan nou menm, non sèlman nan Macédoine ak Achaïe, men osi chak kote ke lafwa nou anvè Bondye te vin konnen, pou nou pa bezwen di anyen.
Paske yo menm bay rapò de nou; sou jan ou te resevwa nou, ak jan nou te vire vè Bondye pou kite zidòl yo, pou sèvi yon Bondye vivan e vrè, 10 epi pou tann Fis Li a soti nan syèl la. Sila Li te fè leve soti nan lanmò a, ki se Jésus, ki delivre nou anba kòlè k ap vini an.
1:1 II Tes 1:1 1:1 II Kor 1:19 1:2 Wo 1:8 1:3 I Kor 13:13 1:3 Wo 8:25 1:4 II Pi 1:10 1:5 Wo 15:19 1:6 I Kor 4:16 1:6 Trav 13:52 1:7 Wo 15:26 1:8 Kol 3:16 1:9 Trav 14:15 1:10 I Kor 1:7 1:10 Wo 5:9