3
Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.
Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo. Konsa, nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo. Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou. Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, 10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vrè konesans selon imaj a Kreyatè, li. 11 Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.
12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
17  Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.
18  Madanm yo, se pou nou soumèt a mari nou, jan sa pwòp a Senyè a.
19  Mari yo, renmen madanm nou e pa vin fache kont yo.
20  Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.
21  Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.
22  Esklav yo, nan tout bagay, obeyi a sila ki mèt nou yo sou tè a, pa sèlman avèk yon sèvis ekstèn, jan sila ki sèlman fè moun plezi yo, men avèk yon kè sensè, nan lakrent Senyè a. 23 Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm. 24  Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi. 25 Paske sila ki fè mal la va resevwa konsekans a mal ke li te fè a, epi sa, san patipri.
3:1 Kol 2:12 3:1 Sòm 110:1 3:2 Mat 16:23 3:3 Wo 6:2 3:5 Wo 8:13 3:6 Wo 1:18 3:7 Ef 2:2 3:8 Ef 4:22 3:8 Ef 4:31 3:9 Ef 4:25 3:10 Ef 4:24 3:11 Wo 10:12 3:12 Gal 5:22 3:12 Ef 4:2 3:13 Ef 4:32 3:14 Jn 17:23 3:15 Jn 14:27 3:15 Ef 2:16 3:16 Wo 10:17 3:16 Kol 1:28 3:17 I Kor 10:31 3:18 Kol 3:184:1 3:19 Ef 5:25 3:20 Ef 6:1 3:21 Ef 6:4 3:22 Ef 6:5,7,8 3:23 Ef 6:7 3:24 Ef 6:8 3:25 Det 10:17