AMOS
1
1 Pawòl a Amos, ki te pami bèje mouton ✡Tekoa yo, de sa li te wè nan vizyon konsènan Israël nan jou a Ozias, wa Juda a, e nan jou a Jéroboam, fis a Joas la, wa Israël la, dezan avan tranbleman tè a. 2 Li te di:
✡“SENYÈ a va gwonde soti nan Sion.
Li va fè son vwa Li soti Jérusalem;
epi patiraj a bèje yo va fè dèy,
e anwo tèt Carmel va vin seche nèt.”
3 Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de ✡twa transgresyon a Damas yo, menm kat,
mwen p ap retire pinisyon li;
akoz yo te bat Galaad ak zouti an fè yo.
4 Pou sa, Mwen va voye dife sou kay Hazaël
e li va devore sitadèl a Ben-Hadad yo.✡
5 Anplis, Mwen va ✡kraze baryè an fè Damas la;
Mwen va koupe retire sila ki rete nan vale Bikath-Aven nan,
ak sila ki kenbe baton wayal la soti Beth-Éden;
epi pèp Syrie a va ale an egzil an ✡Kir,”
di SENYÈ a.
6 Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon Gaza yo, menm kat,
mwen p ap retire pinisyon an,
akoz yo te depòte tout pèp la,
pou ✡livre yo bay Édom.
7 Pou sa, Mwen va voye dife sou miray Gaza a,
epi li va devore sitadèl li yo nèt.
8 Anplis, Mwen va koupe retire sila ki rete Asdod yo,
ak sila ki kenbe baton wayal la nan Askalon.
Mwen va tounen men mwen kont Ékron,
epi retay a ✡Filisten yo va peri,”
di Senyè BONDYE a.
9 Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon Tyr yo, menm kat,
mwen p ap retire pinisyon an,
akoz yo te livre tout pèp la nèt bay Édom,
e yo pa t sonje akò ✡fratènèl la.
10 Akoz sa, Mwen va ✡voye dife sou miray Tyr la,
e li va devore sitadèl li yo.”
11 Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon Édom yo, menm kat;
Mwen p ap retire pinisyon an,
akoz li te kouri dèyè frè l ak nepe
e te refize gen pitye.
Mekontantman li te dechire tout tan,
e li te kenbe kòlè li jis pou tout tan.✡
12 Pou sa, Mwen va voye dife sou Théman,
e li va devore tout sitadèl Botsra yo.”✡
13 Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon a fis a Ammon yo, menm kat;
Mwen p ap retire pinisyon an,
akoz yo te ✡chire vant fanm ansent Galaad yo
pou ✡agrandi lizyè yo.
14 Pou sa, Mwen va sanble yon dife sou miray ✡Rabba a.
Li va devore sitadèl li yo nèt,
nan mitan gwo kri lagè nan jou batay la,
nan mitan siklòn nan jou tanpèt la.
15 Konsa, wa yo a va antre an egzil, ✡ li menm ansanm ak prens li yo,”
di Senyè a.
✡ 1:1 II Sam 14:2; Za 14:5 ✡ 1:2 És 42:13 ✡ 1:3 Am 2:1,4,6 ✡ 1:4 I Wa 20:1 ✡ 1:5 Jr 51:30 ✡ 1:5 II Wa 16:9 ✡ 1:6 Éz 35:5 ✡ 1:8 És 14:29-31 ✡ 1:9 I Wa 9:11-14 ✡ 1:10 Za 14:5 ✡ 1:11 Nonb 20:14-21; És 57:16 ✡ 1:12 Jr 49:7,20 ✡ 1:13 II Wa 15:16 ✡ 1:13 És 5:8 ✡ 1:14 Det 3:11 ✡ 1:15 Jr 49:3