2
Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon Moab yo, menm kat;
Mwen p ap retire pinisyon an,
akoz li te brile zo a wa Édom nan
pou l fè lacho.
Pou sa, Mwen va voye dife sou Moab
e li va devore sitadèl Kérijoth yo.
Moab va mouri nan mitan gwo zen,
kri lagè ak son a twonpèt.
Anplis, Mwen va koupe retire jij la nan mitan yo,
e touye tout prens li yo ansanm avè l,” di SENYÈ a.
Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon a Juda yo, menm kat,
mwen p ap retire pinisyon an,
akoz yo te rejte lalwa SENYÈ a,
e yo pa t kenbe règleman Li yo;
manti yo te koz yo vin egare,
dèyè sila menm papa zansèt yo te mache.
Pou sa, Mwen va voye dife sou Juda,
e li va devore palè a Jérusalem yo.”
Konsa pale SENYÈ a:
“Akoz de twa transgresyon a Israël yo, menm kat,
Mwen p ap retire pinisyon an;
akoz yo te vann sila ki dwat yo pou lajan,
e malere yo pou achte de grenn sapat.
Sila yo k ap foule tèt a malere a,
jis pou l rive nan pousyè,
k ap refi bay jistis a oprimen an.
Yon gason ak papa li antre nan menm fanm nan
pou yo ka pwofane non sen Mwen an.
Yo lonje kò yo bò kote tout lotèl,
sou vètman ki te pran kon garanti yo.
Nan kay Bondye yo a, yo bwè diven nan
ki te bay pou peye amann yo.
Malgre sa, se te Mwen menm
ki te detwi Amoreyen yo devan yo,
malgre wotè yo te tankou wotè a pye palmis
e yo te gen fòs tankou bwadchenn.
Mwen te detwi ni fwi yo pa anlè, ni rasin yo pa anba.
 
10 “Se te Mwen menm ki te mennen nou
monte soti peyi Égypte la.
E Mwen te mennen nou nan dezè a pandan karantan,
pou nou ta ka posede peyi Amoreyen yo.
11 Mwen te fè leve kèk nan fis nou yo kon pwofèt,
e kèk nan jennonm nou yo kon Nazareyen.
Èske se pa sa, fis Israël yo?” di SENYÈ a.
12 Men, nou te fè Nazareyen yo bwè divin,
e nou te kòmande pwofèt yo. Nou te di yo:
“Pa pwofetize!”
13 Gade byen, Mwen va peze nou anba chaj,
kon kabwa chaje lè l plen chaj sereyal.
14  Kouri kite p ap posib, menm pou sila ki pi vit la;
Sila ki dyanm lan,
p ap ka ranfòse fòs li,
ni sila ki pwisan an,
p ap ka delivre tèt li.
15 Ni sila ki fò ak banza a, p ap ka kanpe.
Sila ki rapid a pye a p ap ka delivre tèt li.
Sila ki konn monte cheval la p ap chape.
16 Menm pi brav pami gèrye yo
va chape poul yo toutouni nan jou sa a”,
di SENYÈ a.
2:1 II Wa 3:26,27 2:2 Jr 48:24,41 2:3 Sòm 2:10 2:4 Jij 2:17-20 2:4 És 9:15,16 2:5 Jr 17:27 2:6 Jl 3:3 2:8 Egz 22:26 2:9 Nonb 21:23-25 2:9 Nonb 13:32 2:10 Det 2:7 2:10 Egz 3:8 2:11 Det 18:18 2:11 Nonb 6:2,3 2:12 És 30:10 2:13 És 1:14 2:14 És 30:16,17 2:15 Jr 51:56 2:15 És 31:3 2:16 Jij 4:17