3
“Paske gade byen, nan jou sila yo
ak nan lè sa a,
lè Mwen va restore davni Juda ak Jérusalem,
Mwen va rasanble tout nasyon yo
pou mennen yo desann nan vale Josaphat la.
Epi Mwen va antre la nan jijman avèk yo
pou pèp ak eritaj Mwen an, Israël,
ke yo te gaye pami nasyon yo.
Yo te divize tè Mwen an,
epi te voye tiraj osò pou pèp Mwen an.
Yo te twoke yon gason pou yon pwostitiye
ak yon fi yo vann pou diven,
pou yo ta ka bwè.”
 
“Anplis, se kisa ou ye pou Mwen, O Tyr, ak Sidon,
ak tout rejyon a Philistine yo?
Èske se yon rekonpans ke n ap ban Mwen?
Men si Mwen pa jwenn rekonpans
byen vit e san delè,
Mwen va fè rekonpans nou an
retounen sou tèt nou.
Akoz nou te pran ajan Mwen
ak lò Mwen, e te mennen bagay
presye sakre Mwen yo nan tanp nou yo,
epi nou te vann fis a Juda ak Jérusalem yo
bay Grèk yo pou yo ta ka vin rete lwen teritwa yo,
gade byen, Mwen va fè yo leve soti
nan plas kote nou te vann yo,
pou retounen rekonpans nou an
sou pwòp tèt nou.
Anplis, Mwen va vann fis nou yo
ak fi nou yo nan men a fis a Juda yo.
Konsa, yo va vann yo bay Sabeyen yo,
yon nasyon byen lwen,”
paske SENYÈ a fin pale.
 
Pwoklame sa pami nasyon yo:
“Prepare nou pou fè lagè!
Anime mesye pwisan yo!
Kite tout sòlda yo vin pi pre.
Kite yo monte kote nou.
10  Bat lam cha pou yo fè epe,
ak kwòk rebondaj pou fè lans.
Kite moun fèb yo di: ‘Mwen pwisan!’
11  Fè vit vini, tout nasyon ki ozalantou yo.
Rasanble nou ansanm.”
Fè desann la, O SENYÈ, moun pwisan Ou yo.
12 “Kite nasyon yo leve pwop tèt yo
pou vin monte nan vale Josaphat la;
paske se la Mwen va chita pou jije
tout nasyon ki ozalantou yo.
13  Fè antre boutdigo rekòlt la,
paske rekòlt la vin mi.
Vin mache foule anba pye,
paske pèz diven an vin plen.
Chodyè yo ap debòde, paske mechanste yo vin gran.”
14  Gwo foul yo, gwo foul nan vale desizyon an!
Paske jou SENYÈ a toupre nan vale desizyon an.
15  Solèy la ak lalin nan va vin tou nwa,
e zetwal yo va pèdi briyans yo.
16 Senyè a va gwonde soti nan Sion,
e va sone vwa Li soti Jérusalem.
Syèl yo ak tè a va tranble,
men SENYÈ a se yon refij pou pèp Li a,
ak yon sitadèl pou fis Israël yo.
17 Konsa, nou va konnen
ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an,
ka p viv nan Sion, mòn sen Mwen an.
Nan lè sa a Jérusalem va sen,
e etranje yo p ap pase ladann ankò.
18 Epi nan jou sa a, mòn yo va degoute diven nèf.
Nan kolin yo, se lèt ki va koule;
tout ravin nan Juda va gen dlo,
epi yon sous va sòti lakay SENYÈ a
pou awoze vale a Sittim nan.
19 Égypte va vin yon dezè,
Edom va vin yon savann dezole,
akoz vyolans ki te fèt sou fis Israël yo,
akoz yo te vèse san inosan an nan peyi yo.
20 Men Juda va gen moun ladann jis pou tout tan
e Jérusalem de jenerasyon an jenerasyon.
21 Epi Mwen va vanje san ke M potko vanje yo,
paske SENYÈ a rete nan Sion.”
3:1 Jr 16:5 3:2 És 66:18 3:2 Jr 25:31 3:3 Ab 11 3:3 Am 2:6 3:4 És 34:8 3:5 II Wa 12:18 3:6 Éz 27:13 3:7 És 43:5 3:8 És 14:2 3:8 Job 1:15 3:9 Jr 6:4 3:10 És 2:4 3:11 Éz 38:15,16 3:12 Jl 3:2,14; Sòm 7:6 3:13 Rev 14:14-19 3:13 Jr 51:33 3:14 És 34:2-8 3:15 Jl 2:10,31 3:16 Sòm 61:3 3:16 Jr 16:9 3:17 Jl 2:27 3:17 És 52:1 3:18 És 30:25 3:18 Éz 47:1-12 3:19 Ab 10 3:20 Éz 37:25 3:21 És 4:4