22
“Frè yo ak papa yo, tande defans mwen ke m ap ofri nou koulye a.”
Epi lè yo te tande ke li t ap pale avèk yo an Ebre, yo te vin kalme plis; e li te di: “Mwen menm se yon Jwif, fèt a Tarse nan Cilicie, men leve nan vil sila a, edike anba Gamaliel, byen disipline selon lalwa zansèt nou yo, avèk anpil zèl pou Bondye, menm jan ke nou menm ye jodi a. Mwen te pèsekite Chemen sila a jiska lanmò. Mwen te mare e te mete nan chenn ni fanm, ni gason pou mete nan prizon, kòm osi wo prèt la ak tout konsèy ansyen yo kapab temwaye. Nan men yo, mwen te resevwa osi lèt pou tout frè yo, e te pati pou Damas, pou m ta kapab mennen menm sila ki te la Jérusalem yo kòm prizonye, pou yo ta kab pini.
“Men li te rive ke lè m te nan wout, e t ap pwoche Damas nan anviwon midi, sibitman yon limyè briyan te klere sòti nan syèl la, tou antoure mwen. Mwen te tonbe atè e te tande yon vwa ki te di m: ‘Saul, Saul, poukisa w ap pèsekite M?’
“Epi mwen te reponn: “Kilès ou ye, Senyè?”
“E Li te di mwen: ‘Mwen se Jésus de Nazareth, ke w ap pèsekite a.’
“Sila ki te avè m yo te wè limyè a, men pa t konprann vwa a Sila a ki t ap pale avèk mwen an.
10 “Epi mwen te di: “Kisa pou m ta fè, Senyè?”
“Senyè a te reponn mwen: ‘Leve, ale antre Damas. La ou va vin tande tout sa ki nome pou ou ta fè.’
11 “Men akoz ke m pa t kab wè akoz briyans a limyè a, mwen te mennen pa lamen pa sila ki te avè m yo pou te vini Damas.
12 “Yon sèten Ananias, yon mesye fidèl pa règ Lalwa a, e byen pale pa tout Jwif ki te rete la yo 13 te vin kote mwen, te kanpe toupre m, e te di mwen: ‘Frè Saul, resevwa vizyon ou! Epi nan menm moman an, mwen te gade anlè e te wè li.
14 “Li te di: ‘Bondye a zansèt nou yo te nome ou pou konnen volonte l, pou wè Sila Ki Jis la, e pou tande yon pawòl ki sòti nan bouch Li. 15 Paske ou va yon temwen pou Li a tout moun de sila ou wè ak tande yo. 16 Koulye a poukisa ou fè reta? Leve, batize e lave peche ou yo, pandan w ap rele non Li.
17 “Konsa li te rive ke lè m te retounen Jérusalem e t ap priye nan tanp lan, ke m te tonbe nan yon pwofon somèy. 18 Epi mwen te wè Li t ap di mwen: ‘Fè vit! Sòti Jérusalem vit, paske yo p ap aksepte temwayaj ou de Mwen menm.’ 19 Epi mwen te di: ‘Senyè, yo menm yo konprann ke nan yon sinagòg apre lòt, mwen te konn mete yo nan prizon, e te konn bat sila ki te kwè nan Ou yo. 20 Menm lè san a temwen ou, Étienne t ap vèse, mwen osi te kanpe byen dakò e t ap veye vètman a sila ki t ap touye l yo.’
21 “Men Li te di mwen: ‘Ale, pwiske Mwen va voye ou byen lwen kote pèp etranje yo.’
22 Jiska pwen sa a, yo te koute l, e alò yo te leve vwa yo e te di: “Retire sou latè a yon nonm konsa; li pa merite viv!”
23 Pandan yo t ap rele konsa, yo t ap retire gwo vètman yo pou voye pousyè anlè, 24 kòmandan an te bay lòd pou yo mennen l anndan kazèn nan, e t ap di ke li ta dwe egzamine plis avèk kout fwèt pou l ta kapab detèmine rezon an yo t ap rele kont li konsa.
25 Men lè yo te tire kò l avèk kòd fèt an kwi, Paul te di a santenye a ki te kanpe akote a: “Éske li pèmi pou ou fwete yon sitwayen Women ki pa menm kondane?”
26 Lè santenye a te tande sa, li te ale kote kòmandan an, e te di l: “Kisa w ap fè? Paske nonm sa a se yon Women.
27 Kòmandan an te parèt e te mande l: “Di mwen, “Èske se yon Women ou ye?”
E li te di: “Wi.”
28 Kòmandan an te reponn: “Mwen te twouve tit sitwayen sa a ak yon gwo sòm lajan.”
Paul te di: “Men mwen te ne sitwayen.”
29 Konsa, sila ki t ap kesyone li yo, te lage L imedyatman; epi kòmandan an osi te pè lè li te vin konprann ke se te yon sitwayen Women ke li te ye, paske li te mete li nan chèn.
30 Men nan pwochen jou a, akoz ke li te anvi konnen poukisa Jwif yo te akize l la, li te demare li, e li te bay lòd pou wo prèt yo avèk konsèy la reyini. Konsa yo te mennen Paul devan yo, e te fè l chita devan yo.
22:1 Trav 7:2 22:2 Trav 21:40 22:3 Trav 9:1-22 22:3 Trav 5:34 22:4 Trav 8:3 22:4 Trav 9:2 22:5 Trav 9:1 22:5 Luc 22:66 22:6 Trav 9:3-8 22:8 Trav 26:9 22:9 Trav 26:13 22:9 Trav 9:7 22:10 Trav 16:30 22:11 Trav 9:8 22:12 Trav 9:10 22:13 Trav 9:17 22:14 Trav 3:13 22:14 Trav 9:17 22:15 Trav 23:11 22:16 Trav 2:38 22:17 Trav 10:10 22:18 Trav 9:29 22:19 Trav 8:3 22:20 Trav 7:58 22:21 Trav 9:15 22:22 Trav 25:24 22:23 Trav 7:58 22:24 Trav 22:29 22:25 Trav 16:37 22:29 Trav 22:24 22:30 Trav 23:28