21
Lè nou te rive nou te kite yo pou pran bato a vwal.
Nou te kouri toudwat pou Cos, jou apre a pou Rhodes, epi soti la a pou Patara.
Lè nou te twouve yon bato ki t ap travèse vè Phénicie, nou te monte e pran vwal. Lè nou te vin wè Chip, kite l agoch, e te kontinye kouri bato pou Syrie, e te rive nan Tyr, paske se la bato a te gen pou debake chaj li.
Apre nou fin twouve disip yo, nou te rete la pandan sèt jou. Yo menm te kontinye ap di Paul selon Lespri a pou l pa mete pye l Jérusalem.
Lè l rive ke jou nou yo pou rete la te fini, nou te pati fè wout nou, pandan yo menm avèk madanm ak timoun yo te akonpanye nou jiskaske nou te kite vil la. Apre nou te mete nou ajenou bòdmè a pou fè lapriyè, nou te di orevwa a youn lòt. Answit, nou te monte bato a, e yo te retounenlakay yo ankò.
Lè nou te fin fè vwayaj la sòti Tyr, nou te rive Ptolémaïs. Lè nou te fin salye frè yo, nou te rete avèk yo pandan yon jou.
Nan jou apre a nou te sòti e te rive Césarée. Nou te antre lakay Philippe, evanjelis la, ki te youn nan sèt yo. Nou te rete avèk li. Alò, nonm sa te gen kat fi vyèj ki te pwofetès.
10 Pandan nou te rete la pandan kèk jou, yon sèten pwofèt ki te nome Agabus te desann sòti Judée. 11 Epi lè l te vini kote nou, li te pran sentiwon a Paul; li te mare pwòp pye l ak men l, e te di: “Men sa ke Lespri Sen an di: Se konsa ke Jwif nan Jérusalem yo va mare nonm ki mete sentiwon sila a e va livre li nan men pèp etranje yo.”
12 Lè nou te tande sa, nou menm, menm jan avèk rezidan lokal yo, nou te kòmanse mande l pou pa monte Jérusalem.
13 Paul te reponn yo: “Kisa nou ap fè la a, n ap kriye pou kase kè m? Paske mwen prepare non sèlman pou m mare, men menm pou m ta mouri Jérusalem pou non Senyè Jésus a.”
14 Epi Akoz ke li pa t kab konvenk, nou te tonbe an silans e t ap di: “Ke volonte a Senyè a fèt!”
15 Apre jou sa yo, nou te prepare pou kòmanse fè wout nou pou monte Jérusalem. 16 Anplis, Kèk nan disip Césarée yo te vini avèk nou, e te mennen nou kote Mnanson ki sòti Chypre, yon disip depi anpil tan avèk sila nou te vin rete.
17 Apre nou te rive Jérusalem frè fidèl yo te resevwa nou avèk kè kontan.
18 Jou swivan an Paul te antre avèk nou vè Jacques, epi tout ansyen yo te la. 19 Apre li te salye yo, li te kòmanse pale youn pa youn, tout bagay ke Bondye te fè pami pèp etranje yo atravè ministè pa li a.
20 Lè yo te tande sa yo te kòmanse bay glwa a Bondye. Yo te di li: “Ou wè, frè, konbyen milye ki gen pami Jwif yo nan sila ki te kwè yo, e yo tout te ranpli ak zèl pou Lalwa a. 21 Konsa, yo konn tande de ou, ke w ap enstwi tout Jwif k ap viv pami pèp etranje yo pou renonse a Moïse, e k ap pale yo pou yo pa sikonsi pitit yo, ni pou yo pa mache selon koutim nou yo. 22 Alò, kisa ki dwe fèt? Sètènman yo va tande ke ou gen tan vini.
23 “Alò, fè sa ke nou di ou a. Nou gen kat mesye ki anba yon ve. 24 Pran yo avèk ou, pirifye ou menm ansanm avèk yo, e peye depans pou yo kapab taye tèt yo. Konsa, tout moun va konnen ke pa gen anyen nan tout sa ke moun di de ou yo, men ke ou menm osi mache nan lòd, epi swiv Lalwa a.
25 “Men konsènan pèp etranje, ki te kwè yo, nou te ekri selon desizyon nou, ke yo ta dwe evite vyann ki ofri kon sakrifis a zidòl, ak san, ak sa ki toufe, e ak imoralite seksyèl.”
26 Alò Paul te pran mesye yo avè l nan jou swivan an. Li te pirifye li menm ansanm avèk yo. Yo te antre nan tanp lan e te bay avètisman ke yo t ap konplete jou pirifikasyon yo jiskaske sakrifis la te ofri pou yo chak.
27 sèt jou yo te prèske fini Jwif Asie yo, lè yo te wè l nan tanp lan, te kòmanse soulve foul la pou mete men sou li. 28 Yo t ap kriye fò: “Mesye Israël yo, vin bay nou konkou! Sa se mesye ki preche a tout moun kont pèp nou an ak Lalwa a, ak kote sila a. Anplis de sa, li gen tan fè Grèk yo antre nan tanp lan, e te souye lye sen sa a.” 29 Paske avan yo te konn wè Trophime, Efezyen an nan vil la avèk li, e yo te sipoze ke Paul te mennen l nan tanp lan.
30 Alò tout vil la te leve, e pèp la te kouri ansanm pou te kenbe Paul. Yo te rale l deyò tanp lan, epi nan menm moman an, pòt yo te vin fèmen. 31 Pandan yo t ap chache pou touye l, yon rapò te rive devan kòmandan Kowòt Women an, ke tout Jérusalem te boulvèse. 32 Lapoula li te pran sòlda yo avèk santenye yo, e te kouri desann kote yo. Lè yo te wè sòlda yo avèk kòmandan an, yo te sispann bat Paul.
33 Kòmandan an te parèt, e te kenbe li. Li te kòmande pou li mare avèk de chenn, e li te kòmanse mande l ki moun li te ye, ak kisa li fè. 34 Men pami foul la kèk t ap rele yon bagay, e kèk yon lòt bagay. Lè l pa t kapab twouve laverite ki koze tout boulvèsman an, li te mande yo mennen l nan kazèn nan. 35 Lè l te rive nan eskalye a, sòlda yo te pote li akoz vyolans a foul la; 36 paske yon gran foul moun te kontinye ap swiv yo, e t ap rele: “Touye li!”
37 Pandan Paul te prèt pou antre nan kazèn nan, li te mande kòmandan an: “Èske m kapab di ou yon bagay?”
E li te reponn: “Ou konn pale Grèk? 38 Alò se pa ou menm Ejipsyen an ki kèk tan pase te soulve yon revòlt, e te mennen kat mil òm asasen pou rive nan dezè a?”
39 Men Paul te di: “Mwen se yon Jwif ki sòti Tarse nan Cilicie, yon sitwayen a yon vil ase enpòtan. Mwen mande w, kite m pale avèk pèp la.”
40 Lè l te bay permisyon, Paul, te vin kanpe sou eskalye a. Li te fè sinyal a foul la avèk men l. Lè te vin gen yon gwo silans, li te pale avèk yo nan lang Ebre, e te di,
21:1 Trav 16:10 21:2 Trav 11:19 21:3 Trav 4:36 21:4 Trav 20:23 21:5 Luc 22:41 21:6 Jn 19:27 21:7 Trav 12:20 21:8 Trav 6:5 21:9 Luc 2:36 21:11 Trav 8:29 21:11 Trav 21:33 21:12 Trav 21:15 21:13 Trav 5:41 21:15 Trav 21:12 21:16 Trav 15:7 21:17 Trav 1:15 21:18 Trav 12:17 21:19 Trav 14:27 21:19 Trav 1:17 21:20 Mat 9:8 21:20 Trav 15:1 21:21 I Kwo 7:18 21:21 Trav 6:14 21:23 Nonb 6:13-21 21:24 Jn 11:55 21:25 Trav 15:19,29 21:26 Nonb 6:13 21:27 Nonb 6:9; 13:20 21:27 Trav 20:19 21:28 Trav 6:13 21:29 Trav 18:19 21:30 II Wa 11:15 21:31 Trav 10:1 21:32 Trav 23:27 21:33 Trav 20:23 21:33 Trav 12:16 21:34 Trav 19:32 21:35 Trav 21:40 21:36 Luc 23:18 21:37 Trav 21:34 21:38 Trav 5:36 21:39 Trav 9:11 21:40 Jn 5:2