23
Paul te gade konsèy la avèk atansyon, e te di: “Frè yo mwen viv lavi m avèk yon trè bon konsyans devan Bondye jiska jodi a.”
Wo prèt la, Ananias te kòmande sila ki te kanpe akote l yo pou frape l sou bouch li.
Konsa, Paul te di li: “Bondye pral frape ou, ou menm miray ki blanchi avèk lacho! Èske ou chita pou jije m selon Lalwa a, e nan vyolasyon Lalwa a, ou pase lòd pou yo frape m?”
Men sila ki te akote yo te di: “Èske se ensilte w ap ensilte wo prèt Bondye a?”
Paul te reponn: “Mwen pa t okouran, frè m yo, ke li te wo prèt la. Paske sa ekri: ‘Nou pa pou pale mal a yon chèf a pèp nou an’ ”.
Men byen konprann ke yon pati se te Sadiseyen yo, e lòt la, Farizyen yo, Paul te kòmanse kriye fò nan konsèy la: “Frè m yo, mwen menm se yon Fariziyen, yon fis a Farizyen. Mwen ap jije devan tribinal a pou esperans nan rezirèksyon a mò yo!”
Pandan li te di sa, te vin rive gen yon gran dezakò antre Farizyen yo ak Sadiseyen yo, epi asanble a te divize. Paske Sadiseyen yo di ke nanpwen rezirèksyon, ni zanj, ni lespri, men Farizyen yo rekonèt yo tout.
Konsa, te vin rive gen yon gwo tapaj. Kèk nan skrib pati Farizyen yo te kanpe e te kòmanse diskite byen cho. Yo t ap di: “Nou pa twouve okenn fot avèk nonm sila a. Si se yon lespri oswa yon zanj te pale ak li, annou pa goumen kont Bondye!”
10 Pandan konfli a t ap devlope, kòmandan an te pè pou yo pa ta chire Paul an mòso. Konsa, li te kòmande sòlda yo pou desann, retire li pami yo ak lafòs, e mennen l nan kazèn nan.
11 Men nan nwit swivan an, Senyè a te kanpe akote l e te di: “Pran kouraj, paske menm jan ke ou temwaye seryezman e konplètman pou kòz mwen Jérusalem nan, menm jan an ou oblije temwaye nan Rome osi.”
12 Lè jounen an te rive Jwif yo te fòme yon konplo. Yo te vin mare ansanm anba yon sèman, pou yo pa ta ni manje, ni bwè jiskaske yo te touye Paul. 13 Te gen plis ke karant moun ki te fòme konplo sila a. 14 Yo te vini a chèf prèt ak ansyen yo, e te di: “Nou vin mare ansanm anba yon sèman serye e konplè pou pa goute anyen jiskaske nou touye Paul. 15 Alò, konsa, ou menm avèk konsèy la avèti kòmandan an pou l mennen l desann kote nou, kòmsi nou t ap pral detèmine ka li a pi pre. E pou pati pa nou, nou prè pou touye l avan li rive pre kote a.”
16 Men fis a sè Paul la te tande afè konplo sila a, e li te vin antre kazèn nan pou te enfòme Paul.
17 Konsa, Paul te rele youn nan santenye kote l yo e te di li: “Mennen jennonm sila a kote kòmandan an paske li gen yon rapò pou bay li.”
18 Alò li te pran li, e te mennen li bay kòmandan an e te di l: “Paul prizonye a te rele mwen vè jennonm sila a pou vin kote w akoz li gen yon bagay pou di w.”
19 Kòmandan an te pran l pa lamen, e te rale l akote pou mande l an prive: “Kisa ou gen kòm rapò pou ban mwen an?”
20 Li te di: “Jwif yo gen tan fin dakò pou mande ou mennen Paul devan konsèy la demen, kòmsi yo t ap pral mande plis enfòmasyon sou li menm. 21 Pa kwè yo, paske plis ke karant nan yo ap tann pou atake l. Yo gen tan mare yo menm anba yon sèman pou yo pa ni manje ni bwè jiskaske yo touye l; koulye a y ap tann ou vin bay pèmisyon.”
22 Kòmandan an te kite jennonm nan ale. Li te di l: “Pa di pèsòn ke ou pale bagay sa yo avè m.”
23 Konsa, li te rele de nan santenye yo. Li te di yo: “Ale fè de-san sòlda prè pou twazyèm lè nwit lan, pou pati pou Césarée, avèk swasann-dis chevalye, ak de-san sòlda ak lans.” 24 Yo te gen osi pou prepare cheval pou mete Paul, pou fè l rive sof kote Félix gouvènè a. 25 Epi li te ekri yon lèt nan fòm sila a:
26 Claude Lysias, a trè ekselan Gouvènè Félix; Salitasyon.
27 “Lè mesye sa a te arete pa Jwif yo, e te prèt pou l te touye pa yo, mwen te vini sou yo avèk sòlda yo pou sekouri l, akoz ke m te vin konprann ke li te yon sitwayen Women. 28 Epi akoz ke mwen te vle konprann chaj ke yo te pote kont li an, mwen te fè l rive devan Konsèy pa yo a. 29 Konsa, mwen te vin twouve ke li te akize sou kesyon konsènan pwòp lwa pa yo, men pa anba okenn akizasyon ki te merite lanmò oubyen prizon.
30 “Lè m te enfòme ke ta gen yon konplo kont li, mwen te voye li kote ou sibitman, e osi te enstwi akizatè li yo pou mennen chaj kont li yo devan ou.”
31 Konsa, sòlda yo selon lòd pa yo, te pran Paul pou mennen l nan nwit lan devan Antipatris. 32 Men nan pwochen jou a yo te kite chevalye yo ale avè l, e yo te retounen nan Kazèn nan. 33 Lè sa yo te rive Césarée e te livre lèt la bay Gouvènè a, yo te prezante Paul devan l.
34 Lè li te fin li l, li te mande nan ki pwovens li te sòti, e lè li te vin aprann ke se te Cilicie, 35 li te di: “Mwen va bay ou yon odyans apre akizatè ou yo vin rive tou.” Konsa, li te bay lòd pou yo ta kenbe l nan Pretwa Hérode la.
23:1 Trav 24:16 23:2 Jn 18:22 23:3 Lev 19:15 23:5 Egz 22:28 23:6 Trav 24:15,21 23:8 Mat 22:23 23:9 Jn 12:29 23:10 Trav 21:34 23:11 Trav 19:21 23:12 Trav 9:23 23:14 Trav 23:12,21 23:15 Trav 22:30 23:16 Trav 21:34 23:18 Ef 3:1 23:20 Trav 22:30 23:21 Trav 23:12,14 23:23 Trav 8:40 23:24 Trav 23:26,33 23:26 Luc 1:3 23:27 Trav 21:32 23:27 Trav 22:25-29 23:28 Trav 22:30 23:29 Trav 23:9 23:30 Trav 23:20 23:32 Trav 23:23 23:33 Trav 23:24,26 23:34 Trav 25:1 23:34 Trav 21:39 23:35 Trav 23:30