SOPHONIE
1
1 Pawòl SENYÈ a ki te vini a Sophonie, fis a Cuschi a, fis a Guedalia, fis a Amaria, fis a Ézéchias, nan tan Josias, fis a Amon an, wa a Juda a.
2 “Mwen va retire tout bagay nèt sou fas tè a”, deklare SENYÈ a.✡ 3 Mwen va retire ni ✡lòm, ni bèt. Mwen va retire ✡zwazo syèl yo ak pwason lanmè yo, ansanm ak pil fatra yo ak moun mechan yo. Mwen va koupe retire lòm soti sou fas tè a, deklare SENYÈ a. 4 Konsa Mwen va lonje men M kont Juda e kont tout sila ki rete Jérusalem yo. Mwen va ✡koupe retire retay a Baal la nan plas sa a ak non a tout ✡prèt zidòl yo, 5 sila ki adore sou ✡twati kay, lame syèl yo, sila ki adore yo ki fè sèman pa SENYÈ a, e ki an menm tan, fè sèman pa ✡Milcom, 6 sila ki te ✡vire fè bak pou yo pa swiv SENYÈ yo, ak sila ki ✡pa t ni chache ni mande pou SENYÈ a.”
7 ✡Fè silans devan Senyè BONDYE a! Paske ✡jou SENYÈ a pre rive. Paske Bondye te prepare yon sakrifis. Li te konsakre envite Li yo. 8 Li va vin rive nan jou sakrifis SENYÈ a, ke mwen va ✡pini prens yo, fis a wa yo, ak tout sila ki abiye ak ✡vètman etranje yo. 9 Mwen va pini nan jou sa a tout sila ki sote anlè papòt tanp yo, ki plen kay mèt yo ak vyolans ak desepsyon.✡
10 Nan jou sa a, deklare SENYÈ a, va gen son a yon gwo kri soti nan ✡Pòtay Pwason an, yon kri: “Anmwey” soti nan ✡dezyèm katye a, ak yon gwo bri eklatman soti nan kolin yo. 11 Rele “Anmwey!”, O nou menm k ap viv Macthesch. Paske tout pèp ✡Canaran an va pe bouch yo nèt. Tout sila ki chaje avèk ajan yo va vin koupe retire nèt. 12 Li va vin rive nan lè sa a ke Mwen va chache tout Jérusalem ak lanp, e mwen va pini moun ki ✡deside sou sa yo fin bwè, k ap di nan kè yo: “SENYÈ a ✡p ap fè byen, ni Li p ap fè mal!” 13 Konsa, richès yo va tounen piyaj e lakay yo va vin devaste. Wi, yo va ✡bati kay, men yo p ap rete ladan yo. Yo va plante chan rezen, men yo p ap bwè diven yo.
14 Pre rive se ✡gran ✡jou SENYÈ a, pre rive, e l ap pwoche byen vit. Koute vwa a, jou a SENYÈ a! Nan jou sa a, gèrye a va kriye amè. 15 Jou sa a se yon jou kòlè ak chalè, yon jou ✡gwo twoub ak rele anmwey, yon jou destriksyon ak dezolasyon, yon jou ✡tenèb ak dekourajman, yon jou nwaj yo ak gwo fènwa a. 16 Yon jou ✡twonpèt ak kri batay kont vil fòtifye yo, e kont gwo ranpa yo. 17 Mwen va mennen ✡gwo pwoblèm sou lezòm, pou yo vin mache ✡tankou moun avèg, akoz yo te peche kont SENYÈ a. Konsa, san yo va vide tankou pousyè e chè yo kon fimye bèt. 18 Ni ✡ajan yo, ni lò yo p ap kapab delivre yo nan jou jijman an, men ✡tout latè va vin devore nèt pa dife jalouzi Li. Paske Li va mete yon fen, yon fen ki tèrib, a tout moun ki rete sou tè a.
✡ 1:2 Jen 6:7 ✡ 1:3 És 6:11,12 ✡ 1:3 Jr 4:25 ✡ 1:4 Mi 5:13 ✡ 1:4 II Wa 23:5 ✡ 1:5 II Wa 23:12 ✡ 1:5 I Wa 11:5,23 ✡ 1:6 És 1:4 ✡ 1:6 És 9:13 ✡ 1:7 Hab 2:20 ✡ 1:7 So 1:14 ✡ 1:8 És 24:21 ✡ 1:8 És 2:6 ✡ 1:9 Jr 5:27 ✡ 1:10 II Kwo 33:14 ✡ 1:10 II Kwo 34:22 ✡ 1:11 So 2:5 ✡ 1:12 Jr 48:11 ✡ 1:12 Éz 8:12 ✡ 1:13 Am 5:11 ✡ 1:14 Jr 30:7 ✡ 1:14 Éz 7:7-12 ✡ 1:15 És 22:5 ✡ 1:15 Jl 2:2,31 ✡ 1:16 És 27:13 ✡ 1:17 Jr 10:18 ✡ 1:17 Det 28:29 ✡ 1:18 Éz 7:19 ✡ 1:18 So 3:8