3
Yon priyè Habacuc, pwofèt la, selon fòm Sigonoth la.
SENYÈ, mwen te tande yon rapò sou Ou menm
e mwen kanpe etonnen nèt.
O SENYÈ, fè zèv ou yo leve ankò nan mitan ane yo.
Fè yo vin koni nan mitan ane yo.
Nan chalè kòlè, Ou, sonje mizerikòd.
Bondye soti nan Théman;
Sila ki Sen an soti nan Mòn Paran.
Tan
 
Bèlte Li kouvri syèl la,
e tè a vin plen ak lwanj Li.
Ekla Li tankou reyon solèy la.
Gen tras klate limyè ki soti nan men L,
e nanpwen anyen ki kache de pouvwa Li.
Devan Li, tout kalite touman mache;
dèyè Li, epidemi a swiv sou pye L.
Li te kanpe;
tè a te sikwe.
Li te gade;
nasyon yo te etone.
Wi, lansyen mòn yo te vin detwi,
ansyen kolin yo te vin efondre.
Chemen li yo dire jis pou tout tan.
Mwen te wè tant a Cush yo anba detrès.
Rido tant a Madian yo t ap tranble.
Èske SENYÈ a te malkontan ak rivyè yo?
Èske se ak rivyè yo Ou te fache?
Oswa, èske kòlè Ou te kont lanmè a,
ki fè Ou te monte sou cheval Ou yo,
sou cha delivrans Ou yo?
Ou te rale banza a soti nan fouwo l;
Ou te rele flech ou yo fè semàn an.
Selah.
Ou te fann tè a ak rivyè yo.
10 Mòn yo te wè, Ou e yo te tranble.
Flèv dlo yo te kouri desann.
Pwofondè a te gwononde.
Li te leve men l anlè.
11  Solèy la ak lalin nan te kanpe nan plas yo.
Nan eklè flèch Ou yo,
ak briyans lans Ou yo,
solay ak lalin nan te kanpe sou plas.
12 Nan gwo kòlè Ou, Ou te mache travèse tè a.
Nan kòlè Ou, Ou te foule mache sou nasyon yo.
13 Ou te soti pou delivrans a pèp Ou a,
pou sali pèp onksyon Ou an.
Ou te frape tèt peyi mechanste an.
Ou te ekspoze li nèt,
depi nan kwis li pou rive nan kou l.
Selah.
 
14 Ou te frennen tèt gèye li yo ak pwòp nepe yo.
Yo te antre kon toubiyon pou gaye nou.
Ak gwo lajwa yo te tankou sila
ki devore malere an sekrè yo.
15 Ou te foule mache sou lanmè a
ak cheval Ou yo,
sou lam lanmè a k ap boulvèse dlo a.
16 Mwen te tande,
e zantray mwen te tranble.
Lèv mwen te tranble ak son vwa a.
Pouiti la lantre nan zo m,
mwen te tranble sou plas,
paske mwen oblije tann jou detrès la, byen kal,
tan pèp la k ap leve vin anvayi nou.
17 Menmsi pye fig la pa ta fleri,
ni pa gen fwi sou branch rezen yo,
menmsi donn oliv la vin sispann,
e chan yo pa pwodwi manje,
menmsi bann mouton an ta koupe
separe de pak la,
e pa gen bèf nan pak la,
18 mwen va toujou egzalte nan SENYÈ a.
Mwen va rejwi nan Bondye, sali mwen.
Mwen va ranpli ak jwa akoz delivrans mwen an.
19 Senyè BONDYE mwen an se fòs mwen.
Li te fè pye mwen vin tankou pye sèf;
Li te ban m fòs pou mache sou wo plas yo.
Pou direktè koral la, sou enstriman a kòd mwen yo.
3:2 Sòm 71:20; Hab 1:5 3:3 Jr 49:7; Jen 21:21 3:4 Sòm 18:12 3:4 Job 26:14 3:5 Egz 12:29-30 3:6 Job 21:18; Hab 1:12 3:7 Egz 15:14-16 3:8 Egz 7:19,20; Egz 14:16,21 3:9 Sòm 78:16 3:10 Sòm 93:3 3:11 Jos 10:12-14 3:12 Sòm 68:7 3:12 És 41:15 3:13 Egz 15:2 3:14 Dan 11:40; Sòm 10:8 3:15 Sòm 77:19 3:16 Luc 21:19 3:17 Jl 1:10-12 3:18 Sòm 25:5 3:19 Sòm 18:32,33