82
Yon Sòm Asaph
1 Bondye vin kanpe nan mitan pwòp asanble Li a.
Li fè jijman nan mitan ✡dye yo.
2 Pou konbyen de tan nou va jije san jistis,
e ✡montre favè a mechan yo?
 
3 “Fè defans fèb yo ak òfelen yo.
Fè jistis a aflije ak malere yo.
4 ✡ Sove fèb yo ak malere yo.
Delivre fè yo sòti nan men a mechan yo.”
5 Yo pa konnen ni yo pa konprann.
Yo ✡mache toupatou nan fènwa.
Tout fondasyon tè yo fin souke nèt.
6 Mwen ✡ te di: “Se dye ke nou ye,
e nou tout se fis a Pi Wo a.
7 Sepandan, ✡ nou va mouri tankou moun,
e tonbe tankou nenpòt nan prens yo.”
8 Leve, O Bondye, jije tè a!
Paske se Ou ki ✡posede tout nasyon yo.
✡ 82:1 Egz 21:6 ✡ 82:2 Det 1:17 ✡ 82:4 Job 29:12 ✡ 82:5 Pwov 2:13 ✡ 82:6 Sòm 82:1 ✡ 82:7 Job 21:32 ✡ 82:8 Sòm 2:8