81
Pou direktè koral la; pou jwe sou Gitia la. Yon Sòm Asaph
1 Chante avèk jwa a Bondye ki se fòs nou!
Rele fò ak jwa a ✡Bondye a Jacob la!
2 Leve yon chan, bat ✡ tanbouren an,
gita ak son ki dous la ansanm avèk ap la.
3 Sone twonpèt la nan nouvèl lin nan,
sou plèn lin nan, nan jou ✡fèt nou an.
4 Paske se yon règleman Israël,
yon òdonans a Bondye Jacob la.
5 Li te etabli li kon yon temwayaj nan Joseph
lè li te ✡ ale toupatou nan peyi Égypte la.
Mwen te tande yon lang ke M pa t konnen.
6 Mwen te retire fado a sou zepòl li.
Men li yo te vin lib panyen an.
7 Ou te ✡ rele nan twoub la e Mwen
te fè ou sekou.
Mwen te reponn Ou nan plas kote tonnè a kache a.
Mwen te fè ou pase eprèv nan dlo Meriba yo.
Tan
 
8 Tande, O pèp Mwen an e Mwen va korije nou.
O Israël, si ou ✡ ta koute Mwen!
9 Pa kite okenn dye etranje rete pami nou.
Ni nou pa pou adore okenn dye etranje.
10 ✡ Mwen menm, SENYÈ a, se Bondye nou an,
ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la.
Ouvri bouch nou byen laj e mwen va ranpli li.
11 Men pèp Mwen an ✡ pa t koute vwa M.
Ni Israël pa t obeyi Mwen.
12 Akoz sa, Mwen te ✡ lage yo a kè di yo,
pou mache nan pwòp manèv yo.
13 O ke pèp Mwen an ta koute Mwen,
ke Israël ta ✡ mache nan vwa Mwen yo!
14 Mwen ta ✡ soumèt lènmi yo byen vit
e ta vire men m kont advèsè yo.
15 ✡ Sila ki rayi SENYÈ yo ta tresayi devan Li menm
e pinisyon yo ta pou tout tan.
16 Men ou menm, Mwen ta nouri ou avèk ✡ pi bon kalite ble a.
Avèk siwo ki sòti nan wòch, Mwen ta satisfè ou.
✡ 81:1 Sòm 84:8 ✡ 81:2 Egz 15:20 ✡ 81:3 Lev 23:24 ✡ 81:5 Egz 11:4 ✡ 81:7 Egz 2:23 ✡ 81:8 Sòm 95:7 ✡ 81:10 Egz 20:2 ✡ 81:11 Det 32:15 ✡ 81:12 Job 8:4 ✡ 81:13 Sòm 128:1 ✡ 81:14 Sòm 18:47 ✡ 81:15 Wo 1:30 ✡ 81:16 Det 32:14