8
Pou direktè koral la; jwe sou gitia la.
Yon sòm David.
1 O SENYÈ, Senyè nou an,
A la non Ou gran sou tout latè!
Ou te ✡fè parèt klè mayifisans Ou
piwo pase syèl yo!
2 ✡Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo,
Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo,
pou fè lènmi an avèk vanjè a sispann.
3 Lè m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo,
✡lalin ak zetwal ke Ou te fè yo,
4 ✡Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li?
Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?
5 Malgre, Ou te fè li yon ✡ti kras pi ba pase Bondye,
e te kouwone li ak glwa avèk lonè!
6 Ou fè li regne sou zèv men Ou yo.
Ou ✡te mete tout bagay anba pye li:
7 Tout mouton yo ak bèf yo, avèk bèt sovaj nan chan,
8 zwazo nan syèl yo, avèk pwason lanmè yo,
ak tout sa ki pase nan chemen lanmè yo.
9 O SENYÈ, mèt nou an, a la non Ou gran sou tout latè a.
✡ 8:1 Sòm 57:5-11 ✡ 8:2 Mat 21:16 ✡ 8:3 Sòm 136:9 ✡ 8:4 Sòm 144:3 ✡ 8:5 Jen 1:26 ✡ 8:6 Ef 1:22