7
Yon Sòm David, ke li te chante a SENYÈ a pou yon moun tribi Benjamin ki te rele Cush.
1 O SENYÈ Bondye mwen an, ✡nan Ou mwen kache.
Sove mwen de tout sila k ap kouri dèyè m yo e fè m sekou,
2 sof ke li ta chire nanm mwen ✡tankou yon lyon,
epi rale m akote pandan pa gen moun pou delivre m.
3 O SENYÈ mwen, si mwen menm te fè sa,
si gen ✡enjistis nan men m,
4 si mwen te rekonpanse mal a zanmi mwen,
oswa te ✡piyaje sila ki te lènmi mwen a san koz la,
5 kite lènmi an kouri dèyè nanm mwen
jiskaske li pran l,
epi kite li foule lavi mwen jis atè.
Fè glwa mwen kouche nèt nan pousyè a.
Tan
6 Leve, O SENYÈ, nan kòlè Ou;
leve Ou menm kont ✡raj ladvèsè mwen yo.
Leve Ou menm pou mwen;
Ou menm ki te etabli jijman an.
7 Kite asanble ✡ a tout pèp yo antoure Ou.
Gouvènen yo, depi an wo.
8 Se SENYÈ a ki jije pèp yo.
✡Fè m jistis O SENYÈ,
selon ladwati mwen ak jan mwen kanpe fèm.
9 Alò, mete fen a mechanste malfektè yo,
men etabli sila ki dwat yo.
Paske se ladwati Bondye ki ✡fè prèv
nan kè avèk panse moun.
10 Boukliye mwen se avèk Bondye,
ki ✡sove sila ki dwat yo.
11 Bondye se yon jij ki jis
e ki ✡ rayi enjistis chak jou.
12 Si yon nonm pa repanti, L ap ✡file nepe Li.
Li deja koube banza Li; Li prèt.
13 Anplis, Li fin prepare pou kont Li zam mòtèl yo.
Li fè flèch ak shaf ki brile yo.
14 Gade byen, l ap lite nan mechanste.
Wi, li plante jèm mechanste a,
epi li ✡vin bay nesans a tout sa ki fo.
15 Li te fouye yon twou, kreve l nèt,
e vin ✡tonbe nan twou ke li te fè a.
16 ✡Mechanste li va retounen sou pwòp tèt li,
e vyolans pa l ap desann sou pwòp fwon li.
17 Mwen va bay remèsiman a SENYÈ a ✡selon ladwati Li.
Mwen va chante lwanj a non SENYÈ a,Toupwisan an.
✡ 7:1 Sòm 31:1 ✡ 7:2 Sòm 57:4 ✡ 7:3 I Sam 24:11 ✡ 7:4 I Sam 24:7 ✡ 7:6 Sòm 138:7 ✡ 7:7 Sòm 22:27 ✡ 7:8 Sòm 18:20 ✡ 7:9 Jr 11:20 ✡ 7:10 Sòm 97:10-11 ✡ 7:11 Sòm 90:9 ✡ 7:12 Det 32:41 ✡ 7:14 És 59:4 ✡ 7:15 Job 4:8 ✡ 7:16 Est 9:25 ✡ 7:17 Sòm 71:15-16