150
1 Louwe SENYÈ a!
Louwe SENYÈ a nan ✡sanktiyè Li a!
Louwe Li nan gran espas syèl la pou tout zak pouvwa Li yo!
2 Louwe Li pou ✡zèv pwisan Li yo!
Louwe Li selon bèlte a grandè Li!
3 Louwe Li ak son ✡twonpèt la!
Louwe Li ak ap avèk gita!
4 Louwe Li ak ✡tanbouren ak dans!
Louwe Li ak enstriman a kòd ak flit!
5 Louwe Li ak ✡ senbal byen fò!
Louwe Li ak senbal k ap retanti!
6 Kite ✡tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a!
Louwe SENYÈ a!
✡ 150:1 Sòm 73:17 ✡ 150:2 Sòm 145:12 ✡ 150:3 Sòm 98:6 ✡ 150:4 Sòm 149:3 ✡ 150:5 II Sam 6:5 ✡ 150:6 Sòm 103:22