149
1 Louwe SENYÈ a!
Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,
avèk lwanj Li ✡nan asanble fidèl Li yo.
2 Kite Israël fè kè kontan nan Kreyatè li a.
Kite fis a Sion yo rejwi nan ✡Wa yo a.
3 Kite yo louwe non Li avèk dans!
Kite yo chante lwanj a Li
avèk ✡tanbouren ak gita.
4 Paske SENYÈ a pran plezi nan pèp Li a.
Li va ✡anbeli enb yo avèk sali Li.
5 Kite fidèl yo leve wo nan glwa.
Kite yo chante ak lajwa sou kabann yo.
6 Ke ✡ gwo lwanj a Bondye yo kapab nan bouch yo,
ak yon nepe file de bò nan men yo,
7 pou ✡fè vanjans sou nasyon yo,
avèk pinisyon sou lòt pèp yo;
8 pou mare wa yo ak chenn,
ak ✡moun pwisan yo nan gwo chenn an fè,
9 pou ✡egzekite sou yo jijman ki te ekri a.
Sa se lonè de tout fidèl Li yo.
Louwe SENYÈ a!
 
✡ 149:1 Sòm 35:18 ✡ 149:2 Jij 8:23 ✡ 149:3 Egz 15:20 ✡ 149:4 Sòm 132:16 ✡ 149:6 Sòm 66:17 ✡ 149:7 Éz 25:17 ✡ 149:8 Na 3:10 ✡ 149:9 Det 7:12