145
Yon chan lwanj pa David
1 Mwen va ✡leve Ou wo,
O Bondye mwen, O Wa a.
Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.
2 Chak jou, mwen va beni Ou e mwen
va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.
3 Gran se SENYÈ a, dign de lwanj.
✡Grandè Li pa kab fin sonde menm.
4 Yon ✡jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt.
Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.
5 Sou bèlte e glwa a majeste Ou
avèk ✡zèv mèvèy Ou yo,
mwen va reflechi tout tan.
6 Lèzòm va pale sou pouvwa a ✡zèv mèvèy Ou yo
e mwen va pale jan Ou gran.
7 Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou.
Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou.
8 SENYÈ a ✡plen gras avèk mizerikòd,
lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.
9 SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li
lonje rive sou tout zèv Li yo.
10 ✡Tout zèv Ou yo va di Ou:
“Mèsi O SENYÈ,”
e fidèl Ou yo va beni Ou.
11 Yo va pale ✡glwa a wayòm Ou an, e
pale sou zafè pouvwa Ou yo;
12 Pou ✡fè rekonèt a fis a lòm yo,
zèv pwisan Ou yo avèk glwa ak
majeste a wayòm Ou an.
13 Wayòm Ou an se yon ✡wayòm etènèl
e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo.
14 SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe.
Li ✡leve wo tout sila ki vin pwostène yo.
15 Zye a tout moun genyen espwa sou Ou.
Ou ✡bay yo manje yo nan lè yo.
16 Ou ✡ouvri men Ou pou satisfè dezi
a tout sila k ap viv yo.
17 Senyè a ✡dwat nan tout chemen Li yo, e
ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.
18 SENYÈ a toupre tout sila ki rele Li yo,
tout sila ki rele li✡ ak verite yo.
19 Li va ✡ranpli dezi a sila ki gen lakrent Li yo.
Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.
20 SENYÈ a kenbe tout sila ki renmen Li yo,
men ✡mechan yo, Li va detwi
21 Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a,
e ✡tout chè va beni sen non Li an jis pou
tout tan e pou tout tan.
 
✡ 145:1 Sòm 30:1 ✡ 145:3 Job 5:9 ✡ 145:4 Sòm 22:30-31 ✡ 145:5 Sòm 119:27 ✡ 145:6 Det 10:21 ✡ 145:8 Egz 34:6 ✡ 145:10 Sòm 19:1 ✡ 145:11 Jr 14:21 ✡ 145:12 Jr 14:21 ✡ 145:13 Sòm 10:16 ✡ 145:14 Sòm 146:8 ✡ 145:15 Sòm 104:27 ✡ 145:16 Sòm 104:28 ✡ 145:17 Sòm 116:5 ✡ 145:18 Jn 4:24 ✡ 145:19 Sòm 21:2 ✡ 145:20 Sòm 9:5 ✡ 145:21 Sòm 65:2