144
Yon Sòm David
1 Beni se SENYÈ a, wòch mwen an,
ki ✡enstwi men m pou fè lagè,
ak dwèt mwen pou batay.
2 Lanmou dous mwen e sitadèl mwen an,
✡Fòterès mwen ak liberatè mwen an,
Boukliye mwen an nan sila mwen kache a,
Ki soumèt pèp mwen an anba m.
3 O SENYÈ, ✡se kisa lòm nan ye pou Ou panse a li?
Oswa fis a lòm nan pou Ou panse a Li?
4 ✡Lòm se tankou yon sèl souf.
Jou li yo se tankou yon lonbraj k ap pase.
5 Bese syèl Ou yo, O SENYÈ e desann.
Touche mòn yo pou yo kab fè lafimen.
6 Fè parèt ✡eklè pou gaye yo.
Voye flèch Ou pou mete yo nan konfizyon.
7 Lonje men Ou soti anwo.
Fè m sekou!
Delivre m sòti nan gwo dlo yo,
nan men ✡etranje yo ak
8 bouch kap pale manti yo e ✡men
dwat a sila ki se men dwat a manti yo.
9 Mwen va chante yon ✡chan tounèf a Ou menm, O Bondye;
Sou ap dis kòd yo, mwen va chante lwanj a Ou menm,
10 Ki konn sove wa yo, ki fè David, sèvitè Li a,
✡chape de nepe lanmò a.
11 Fè m sekou e delivre m de men a ✡etranje yo,
Bouch a sila ki pale desepsyon yo,
e men dwat a sila ki men dwat a manti yo.
 
12 Kite fis nou yo nan jenès yo parèt tankou plant ki fin grandi,
e fi nou yo tankou pilye taye ki pou ta anbeli yon palè wayal.
13 Kite ✡depo nou yo toujou plen, nan bay tout kalite pwodwi.
Kite twoupo nou yo pwodwi dè milye e dè di milye nan chan nou yo.
14 Kite bèf nou yo ka pote gwo chaj.
Pou nou pa gen kase kay, ni kouri kite, e
nanpwen moun k ap ✡rele “anmwey” nan lari nou yo.
15 A la beni pèp ki ranje konsa beni!
A la ✡beni pèp ki gen Bondye pou SENYÈ yo beni.
✡ 144:1 II Sam 22:35 ✡ 144:2 Sòm 59:9 ✡ 144:3 Sòm 8:4 ✡ 144:4 Sòm 39:11 ✡ 144:6 Sòm 18:14 ✡ 144:7 Sòm 18:44 ✡ 144:8 Jen 14:22 ✡ 144:9 Sòm 33:3 ✡ 144:10 II Sam 18:7 ✡ 144:11 Sòm 18:44 ✡ 144:13 Pwov 3:9-10 ✡ 144:14 És 24:11 ✡ 144:15 Sòm 33:12