13
Pou direktè koral la; yon sòm David
1 Jiskilè SENYÈ?
Èske Ou ap ✡bliye mwen jis pou tout tan?
Pou konbyen de tan, Ou va kache figi Ou de mwen?
2 Pou konbyen de tan mwen va oblije
✡depann sou pwòp konsèy tèt mwen,
ak tristès nan kè m tout lajounen?
Jiskilè lènmi m va vin leve wo sou mwen?
3 Okipe m, e reponn mwen, O SENYÈ, Bondye mwen;
✡Fè zye m wè, pou m pa mouri;
4 pou lènmi mwen an pa di: “Mwen fin genyen l,”
✡epi advèsè mwen yo rejwi lè m pran chòk.
5 Men mwen va ✡mete konfyans mwen nan lanmou dous Ou a;
Kè m va rejwi nan delivrans ou
6 Mwen va ✡chante a SENYÈ a,
paske Li te aji ak bon kè avè m.
✡ 13:1 Job 13:24 ✡ 13:2 Sòm 42:4 ✡ 13:3 Esd 9:8 ✡ 13:4 Sòm 25:2 ✡ 13:5 Sòm 52:8 ✡ 13:6 Sòm 96:1