12
Pou direktè koral la; sou yon gita uit kòd
Yon sòm David.
1 Sekou, SENYÈ, paske ✡moun ladwati yo sispann egziste,
Paske fidèl yo vin disparèt pami fis a lòm yo.
2 Yo pale sa ki fo a youn lòt.
✡Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.
3 Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo,
ak lang ki ✡pale gwo bagay yo;
4 ki ✡te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi.
Lèv nou se pou nou.
Se kilès ki kab mèt sou nou?”
5 “Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo,
koulye a, ✡Mwen va leve”, pale SENYÈ a;
“Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”
6 Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach;
tankou ajan ki ✡teste nan founo,
rafine nan tè sèt fwa.
7 Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo.
Ou va ✡prezève yo soti nan
jenerasyon sila a jis pou tout tan.
8 Mechan yo pwomennen toupatou tout kote
lè ✡bagay ki lèd vin leve wo
pami fis a lòm yo.
✡ 12:1 És 57:1 ✡ 12:2 Wo 16:18 ✡ 12:3 Dan 7:8 ✡ 12:4 Sòm 73:8-9 ✡ 12:5 És 33:10 ✡ 12:6 Pwov 30:5 ✡ 12:7 Sòm 37:28 ✡ 12:8 És 32:5