123
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1 A Ou menm, mwen leve zye mwen,
O Ou menm ✡ki chita sou
twòn Ou nan syèl la!
2 Men gade, jan zye a ✡sèvitè yo rete sou men a mèt yo,
Jan zye a yon sèvant sou men mètrès li,
Se konsa, zye nou ye vè SENYÈ a, Bondye nou an, jiskaske li fè nou gras.
3 Bannou gras, O SENYÈ, bannou gras,
paske nou ranpli ✡ak mepriz.
4 Nanm nou ranpli ak ✡ensilt a sila ki alèz yo,
avèk mepriz a sila ki plen ògèy yo.
✡ 123:1 Sòm 2:4 ✡ 123:2 Pwov 27:18 ✡ 123:3 Né 4:4 ✡ 123:4 Né 2:19