122
Yon Sòm pou monte vè tanp lan. Yon Sòm David.
1 Mwen te kontan lè yo te di mwen,
“Annou ✡ale lakay SENYÈ a.”
2 Pye nou kanpe anndan pòtay ou yo, O Jérusalem!
3 Jérusalem, ki bati kon yon vil ki ✡kole dyanm ansanm,
4 sou sila, tribi yo konn ✡monte, menm tribi a SENYÈ yo,
yon òdonans pou Israël, pou bay remèsiman a non SENYÈ a.
5 Paske la, ✡twòn yo te plase pou jijman,
twòn lakay David yo.
6 Priye pou lapè Jérusalem.
Sila ki renmen ou yo va ✡pwospere.
7 Ke lapè kapab anndan miray ou yo, e pwosperite nan ✡palè ou yo.
8 Pou koz a frè m yo ak zanmi mwen yo, m ap di koulye a,
✡“Ke lapè anndan ou”.
9 ✡Pou koz a kay SENYÈ a, Bondye nou an, mwen va chache byen ou.
✡ 122:1 Sòm 42:4 ✡ 122:3 II Sam 5:9 ✡ 122:4 Egz 23:17 ✡ 122:5 Det 17:8 ✡ 122:6 Sòm 102:14 ✡ 122:7 Sòm 48:3-13 ✡ 122:8 I Sam 25:6 ✡ 122:9 Né 2:10