3
1 Fis mwen an, ✡pa bliye enstriksyon mwen an,
men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;
2 paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo
va vin ogmante sou ou.
3 Pa kite ✡dousè ak verite kite ou.
Mare yo antoure kou ou.
Ekri yo sou tablo kè ou.
4 Konsa, ou va twouve favè avèk ✡bon repitasyon
nan men Bondye a, ak moun.
5 ✡Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va ✡fè pa ou yo vin dwat.
7 ✡Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;
krent SENYÈ a e vire kite mal.
8 Li va sèvi kon yon ✡gerizon pou kò ou,
ak rafrechisman a zo ou.
9 Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;
ak ✡premye pati nan tout prodwi ou,
10 pou ✡depo ou yo kab vin plen ak abondans,
e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.
11 ✡Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,
ni rayi repwòch Li,
12 Paske ✡sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,
jis tankou yon papa konn korije
fis nan sila li pran plezi a.
 
13 ✡A la beni nonm ki twouve sajès,
e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!
14 Paske ✡avantaj li pi bon ke avantaj ajan,
e pwofi li pi bon ke lò fen.
15 Li ✡pi presye pase bijou;
e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.
16 Lavi ki long va trouve nan men dwat li.
Nan men goch li se ✡richès ak lonè.
17 ✡Chemen li yo byen dous,
e tout pa li yo se lapè.
18 Li se yon ✡pyebwa lavi a sila ki pran l yo,
e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.
19 SENYÈ a ✡ak sajès te fonde latè a;
ak bon konprann Li te etabli syèl yo.
20 Ak konesans Li, ✡fon yo te vin ouvri,
e syèl yo te vin degoute lawouze.
21 Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou;
kenbe bon sajès ak bon konprann.
22 Konsa yo va ✡lavi pou nanm ou
ak dekorasyon pou kou ou.
23 Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite,
e pye ou p ap ✡chape.
24 Lè ou ✡kouche ou p ap pè;
kouche ou ak dòmi ou va byen dous.
25 Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman,
ni atak a mechan an lè l vini.
26 Paske Bondye va konfyans ou,
e va ✡veye pye ou pou l pa pran nan pyèj.
 
27 ✡Pa refize fè byen a sila ki merite l yo,
si se nan kapasite ou pou fè l.
28 Pa di vwazen ou: “Ale e retounen pita”,
oswa “Demen, m ap bay ou”, lè l deja nan men w.
29 ✡Pa kalkile mal kont vwazen ou
pandan l ap viv an sekirite akote ou.
30 Pa fè kont ak yon nonm san koz,
depi li pa konn fè ou tò.
31 ✡Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan,
ni pa chwazi chemen li yo.
32 Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a;
men SENYÈ a ✡vin toupre a sila yo ki dwat yo.
33 Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo,
men Li ✡beni abitasyon a moun dwat yo.
34 ✡Li moke moun k ap moke,
men Li bay gras a sila ki aflije yo.
35 ✡Saj yo va resevwa gran respè kon eritaj,
men moun plen foli yo va dezonore.
✡ 3:1 Sòm 119:61 ✡ 3:3 II Sam 15:20 ✡ 3:4 Sòm 111:10 ✡ 3:5 Sòm 37:3-5 ✡ 3:6 És 45:13 ✡ 3:7 Wo 12:16 ✡ 3:8 Pwov 4:22 ✡ 3:9 Egz 23:19 ✡ 3:10 Det 28:8 ✡ 3:11 Job 5:17 ✡ 3:12 Rev 3:19 ✡ 3:13 Pwov 8:32-34 ✡ 3:14 Job 28:15-19 ✡ 3:15 Job 28:18 ✡ 3:16 Pwov 8:18 ✡ 3:17 Mat 11:29 ✡ 3:18 Jen 2:9 ✡ 3:19 Sòm 104:24 ✡ 3:20 Jen 7:11 ✡ 3:22 Det 32:47 ✡ 3:23 Sòm 91:12 ✡ 3:24 Job 11:9 ✡ 3:26 I Sam 2:9 ✡ 3:27 Wo 13:7 ✡ 3:29 Pwov 6:14 ✡ 3:31 Sòm 37:1 ✡ 3:32 Job 29:4 ✡ 3:33 Job 8:6 ✡ 3:34 Jc 4:6 ✡ 3:35 Dan 12:3