2
1 Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,
e ✡gade kòmandman mwen yo nan kè ou,
2 e ✡fè zòrèy ou atantif a sajès;
e enkline zòrèy ou vè bon konprann,
3 wi, si ou leve vwa w pou sajès;
e leve vwa ou vè bon konprann;
4 si ou chache li kon ajan,
e fè rechèch dèyè li kon trezò ✡ki kache;
5 nan lè sa a, ou va dekouvri ✡lakrent SENYÈ a,
e dekouvri konesans Bondye a.
6 Paske, ✡SENYÈ a bay sajès.
Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.
7 Li mete sajès nan depo pou moun dwat la.
Li se ✡boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,
8 K ap veye chemen lajistis yo,
e ✡pwoteje chemen a fidèl Li yo.
9 Konsa, ou va dekouvri ✡ladwati ak jistis,
e menm egalite avèk tout bon chemen yo.
10 Paske, sajès va antre nan kè ou,
e ✡konesans va fè ou alèz jis rive nan nanm ou.
11 Bon konprann va ✡pwoteje ou,
konesans va veye sou ou,
12 pou ✡pwoteje ou kont chemen mal la,
kont lòm ki pale bagay pèvès yo.
13 Kont sila ki ✡kite chemen ladwati yo
pou mache nan chemen fènwa yo;
14 ki ✡pran plezi nan fè sa ki mal
e rejwi nan mechanste mal la.
15 Chemen a sila ki vin ✡kwochi yo
e ki vin gaye kò yo nan tout sa yo fè.
16 Pou delivre ou soti nan men fanm etranje a,
soti nan men ✡fanm adiltè ki flate ak pawòl li;
17 ki kite ✡konpanyen jenès li a,
e ki bliye akò a Bondye li;
18 paske lakay li mennen a lanmò
e tras a pla pye li yo rive kote mò yo.
19 Pèsòn ✡ki ale kote li menm, pa retounen ankò,
ni yo pa jwenn pa lavi.
20 Akoz sa a, ou va ✡mache nan chemen a sila ki bon yo,
e swiv tras a moun ladwati yo.
21 Paske moun dwat yo va viv nan peyi a,
e ✡sila ki san tò yo va rete ladann;
22 men mechan yo va koupe retire nèt de peyi a,
e moun trèt yo va ✡dechouke de li.
✡ 2:1 Pwov 3:1 ✡ 2:2 Pwov 22:17 ✡ 2:4 Job 3:21 ✡ 2:5 Pwov 1:7 ✡ 2:6 I Wa 3:12 ✡ 2:7 Sòm 84:11 ✡ 2:8 I Sam 2:9 ✡ 2:9 Pwov 8:20 ✡ 2:10 Pwov 22:18 ✡ 2:11 Pwov 4:6 ✡ 2:12 Pwov 28:26 ✡ 2:13 Pwov 21:16 ✡ 2:14 Pwov 10:23 ✡ 2:15 Sòm 125:5 ✡ 2:16 Pwov 23:27 ✡ 2:17 Mat 2:14-15 ✡ 2:19 Ekl 7:26 ✡ 2:20 Eb 6:12 ✡ 2:21 Pwov 28:10 ✡ 2:22 Det 28:63