ABIDAS
1
Vizyon Abdias la. Konsa pale Senyè BONDYE a konsènan Édom. Nou te tande yon rapò soti nan SENYÈ a, yon mesaje te voye pami nasyon yo. Li t ap di: “Leve, annou ale goumen kont li”— Gade byen, Mwen va fè ou vin piti pami nasyon yo. Ou vin meprize anpil. Awogans a kè nou te twonpe nou, nou menm ki rete nan falèz wòch yo, nan wotè a abitasyon nou, ki di nan kè nou: “Se kilès ki ka rale m rive atè?” “Menmsi nou bati anlè tankou èg, menmsi nou mete nich nou pami zetwal yo, mwen va rale nou fè nou desann soti la,” deklare SENYÈ a. Si vòlè te vin kote nou, vòlè nan lannwit yo— o ala devaste nou va vin devaste— èske yo pa t ap vòlè sèlman pou yo ta jwenn ase? Si ranmasè rezen yo te rive kote nou èske yo pa t ap kite kèk ti rès? Ala depouye Ésaü va vin depouye! Ala fouye yo va fouye trezò kache li yo! Tout sila ki fè alyans avèk nou yo va voye nou kote fwontyè a. Sila ki anpè ak nou yo te twonpe nou, e yo deja genyen nou. Zanmi ki manje pen nou yo ap fè pèlen pou nou. Nanpwen bon konprann nan li.
Èske Mwen p ap nan jou sa a, deklare SENYÈ a; “Detwi mesye saj Édom yo, e retire bon konprann ki soti sou mòn Ésaü a? Answit, mesye pwisan nou yo va vin enkyete, O Théman, jis tout kapab koupe retire nèt de mòn Ésaü ak gwo masak. 10 Akoz vyolans anvè frè nou Jacob, nou va vin kouvri ak wont, e nou va vin koupe retire nèt jis pou tout tan. 11 Nan jou ke nou te kanpe a distans, nan jou ke etranje yo te bwote tout byen li, lòt nasyon yo te antre nan pòtay li, e te fè tiraj osò pou Jérusalem—nou menm tou te sanble ak yo. 12 Pa vin rejwi ou nan jou malè frè ou a, ni pa rejwi ou sou fis a Juda yo nan jou destriksyon yo a. Pa anfle ou menm nan jou malè yo. 13 Pa antre nan pòtay pèp Mwen an nan jou malè yo. Ni pa rejwi ou de gwo dega nan jou malè yo. Pa piyaje byen yo nan jou malè yo. 14 Pa kanpe nan kafou chemen pou touye sila k ap sove ale sòti nan yo. Epi pa livre a lènmi sila ki chape nan jou malè yo. 15 Paske jou SENYÈ a ap rapwoche sou tout nasyon yo! Jan ou te fè a, se konsa yo va fè ou. 16 Paske menm jan ou te bwè sou mòn sen Mwen an, Konsa tout nasyon yo va bwè tout tan. Yo va bwè, yo va vale, l ap vin konsi yo pa t janm te la. 17 Men sou mòn Sion, va genyen sila ki chape yo, e mòn sa va sen. Epi lakay Jacob va posede posesyon yo. 18 Answit, lakay Jacob va vin yon dife, e lakay Joseph va vin yon flanm; men lakay Ésaü va vin kon pay. Konsa, yo va limen dife sou yo pou brile yo nèt pou pa gen ki rete lakay Ésaü ankò,” paske SENYÈ a fin pale.
19 Moun Negev la va vin posede mòn a Ésaü ak sila a Schfela yo, gwo plèn Philistie a. Yo va posede teritwa Éphraïm, teritwa Samarie, e Benjamin va vin posede Galaad, tou. 20 Epi egzile a lame fis Israël sa a, ki pami Kananeyen yo, va posede jis rive Sarepta, e egzile Jérusalem ki Sepharad yo va vin posede vil Negev yo. 21  Liberatè yo va monte Mòn Sion pou jije mòn Ésaü a e wayòm nan va vin pou a SENYÈ a.
1:1 És 18:2 1:1 Jr 6:4,5 1:2 Nonb 24:18 1:3 És 16:6 1:4 Job 20:6,7 1:4 És 14:12-15 1:5 Jr 49:9 1:5 Det 24:21 1:6 Jr 49:10 1:7 Jr 30:14 1:7 Sòm 41:9 1:8 Job 5:12-14 1:9 Jen 36:11 1:10 Jen 27:41; Éz 35:9 1:11 Sòm 83:5,6; Éz 35:10 1:12 És 13:10; Mi 4:11 1:13 Éz 35:5 1:13 Éz 36:2,3 1:14 És 16:3,4 1:15 Éz 30:3 1:16 Jr 49:12 1:17 És 4:2,3; És 14:1,2 1:18 Jr 11:23 1:19 És 11:14 1:20 I Wa 17:9 1:20 Jr 32:44 1:21 Né 9:27