9
Mwen te wè Senyè a, ki te kanpe akote lotèl la, e Li te di: “Frape tèt poto yo jiskaske papòt yo tranble. Kraze yo an moso sou tèt a yo tout! Answit, mwen va touye rès yo ak nepe. Yo p ap gen yon grenn refijye ki pou sove ale, ni yon refijye k ap chape. Menmsi yo ta fouye antre nan sejou mò yo; la, men, Mwen va pran yo soti la. Menmsi yo monte rive nan syèl la, Mwen va rale yo soti la pou fè yo desann. Menmsi yo kache sou tèt mòn Carmel la, Mwen va chèche fè yo soti la; epi menmsi yo ta kache kò yo anba nan pwofondè lanmè a, mwen va kòmande sèpan an, e li va mòde yo. Menmsi yo antre an kaptivite devan lènmi yo, Mwen va kòmande nepe soti la pou touye yo. Konsa, Mwen va fikse zye M kont yo pou mal, e non pa pou byen. Senyè BONDYE dèzame yo, se Sila ki touche tè a pou li fann, e tout sila ki rete ladann yo, va fè dèy. Kriye sa a va monte tankou Rivyè Nil lan, e vin bese ankò tankou Nil Égypte la. Sila ki bati chanm wo Li yo nan syèl yo, e ki te etabli vout plafon syèl la anwo tè a, sila ki rele dlo lanmè yo pou vide yo sou sifas tè a—se SENYÈ a ki non Li. Èske nou pa tankou fis a Ethiopie yo pou Mwen, O fis Israël yo?” deklare SENYÈ a. “Èske Mwen pa t mennen Israël fè l monte soti nan peyi Égypte, ak Filisten yo soti Caphtor e Siryen yo soti Kir? Gade byen, zye a Senyè BONDYE a sou wayòm nan ki plen peche a; Mwen va detwi l soti sou sifas tè a. Sepandan Lakay Jacob la p ap detwi nèt,” deklare SENYÈ a. “Paske gade byen, Mwen ap kòmande, e Mwen va souke lakay Israël pami nasyon yo, tankou yon grenn k ap souke nan yon paswa, men menm yon grenn p ap tonbe atè. 10 Tout pechè pami pèp Mwen an va mouri pa nepe, sila yo k ap di: ‘Malè pa rive sou nou ni parèt devan nou.’ 11 Nan jou sa a, Mwen va fè leve Lakay David ki te tonbe a, e ranfòse brèch li yo. Anplis, Mwen va leve mazi kraze li yo, e fè l vin rebati tankou nan jou ansyen yo; 12  pou yo kapab vin posede retay Édom an ak tout nasyon ki rele pa non Mwen yo,” deklare SENYÈ ki fè sa a.
13 “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare
SENYÈ a,
“lè sila k ap raboure a va depase sila
k ap rekòlte a,
e sila k ap foule rezen an va depase
sila k ap simen grenn nan;
mòn yo va degoute diven dous e
tout kolin yo va vin fann nèt ak dousè li.
14 Anplis, Mwen va restore pèp Mwen an,
Israël, ki an kaptivite a,
e yo va rebati vil ki kraze nèt yo
pou yo viv ladan yo.
Anplis, yo va plante chan rezen yo
pou bwè diven yo;
epi fè jaden pou manje fwi yo.
15 Mwen va osi plante yo sou pwòp tèren pa yo,
e yo p ap dechouke yo ankò soti nan peyi
ke Mwen te bay yo a,” pale SENYÈ a,
Bondye Ou a.
9:1 Am 7:17 9:1 Jr 11:11 9:2 Sòm 139:8 9:2 Jr 51:53 9:3 Jr 16:16 9:3 És 27:1 9:4 Lev 26:33 9:5 Sòm 104:32 9:5 Am 8:8 9:6 És 13:10; Sòm 104:3,13 9:7 Det 2:23 9:8 Jr 5:10 9:9 És 30:28 9:10 És 33:14 9:10 Am 6:3 9:11 Trav 15:16-18 9:11 És 16:5 9:12 Ab 19 9:12 Nonb 24:18 9:13 Lev 26:5 9:13 Jl 3:18 9:14 Sòm 53:6 9:14 És 61:4 9:15 És 60:21