25
1 Pandan Israël te rete nan Sittim, pèp la te kòmanse ✡pwostitiye tèt yo avèk fi Moab yo. 2 Paske ✡yo te envite pèp la pou vini nan sakrifis dye pa yo. Pèp la te manje, e te bese devan dye yo a. 3 Konsa, ✡Israël te vin jwenn yo menm avèk Baal Peor, e SENYÈ a te vin fache kont Israël.
4 SENYÈ a te di a Moïse: “Pran tout chèf a pèp la e touye yo gwo lajounen devan SENYÈ a, ✡pou gran kòlè a SENYÈ a kapab vire kite Israël.”
5 Konsa, Moïse te di a jij Israël yo: “Chak nan nou va ✡touye pwòp mesye pa li ki te jwenn yo menm avèk Baal Peor la.”
6 Alò, vwala, youn nan fis Israël yo te vini pou te mennen bay a fanmi li yo yon fanm ✡Madyanit, devan zye Moïse e devan zye a tout kongregasyon fis Israël yo, pandan yo tout t ap kriye devan pòtay tant asanble a. 7 ✡Lè Phinées, fis Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te wè sa, li te leve nan mitan kongregasyon an. Li te pran yon frenn nan men l, 8 epi li te ale dèyè Izrayelit la nan tant lan e li te frennen tranche kò yo toulède nèt, mesye Israël la ak fanm nan. ✡Konsa gwo epidemi sou fis Israël yo te vin sispann. 9 ✡Sila ki te mouri yo akoz gwo epidemi an se te venn-kat-mil (24,000).
10 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 11 ✡“Phinées, fis a Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te fè detounen kòlè Mwen vè fis Israël yo, akoz li te jalou avèk jalouzi pa Mwen an pami yo; epi konsa, Mwen pa t detwi fis Israël yo ✡nan jalouzi pa Mwen an.
12 “Pou sa pale: ‘Gade byen, Mwen bay li ✡akò lapè Mwen. 13 Li va pou li avèk desandan apre li yo, yon akò ✡pozisyon prèt pou tout tan, akoz ke li te jalou pou Bondye li a, e li te fè ekspiyasyon pou fis Israël yo.’ ”
14 Alò, non a Izrayelit ki te touye avèk fanm Madyanit la se te Zimri, fis Salu, yon chèf kay pami Simeyonit yo. 15 Non a fanm Madyanit ki te touye a se te Cozbi, fi a ✡Zur, ki te chèf kay zansèt a yon pèp nan Madian. 16 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 17 ✡“Se pou ou vin mechan avèk Madyanit yo, e frape yo; 18 paske yo te mechan avèk nou avèk riz pa yo, avèk sila, yo twonpe nou nan zafè Peor la ak nan zafè Cozbi a, fi a chèf Madian an, sè ki te touye nan jou gwo epidemi an pou koz a Peor a.”
✡ 25:1 I Kor 10:8 ✡ 25:2 Egz 34:15 ✡ 25:3 Sòm 106:28-29 ✡ 25:4 Det 13:17 ✡ 25:5 Egz 32:27 ✡ 25:6 Nonb 22:4 ✡ 25:7 Sòm 106:30 ✡ 25:8 Nonb 16:46-48 ✡ 25:9 Nonb 16:48-50 ✡ 25:11 Sòm 106:30 ✡ 25:11 Egz 20:5 ✡ 25:12 És 54:10 ✡ 25:13 Egz 29:9 ✡ 25:15 Nonb 31:8 ✡ 25:17 Nonb 25:1