24
Lè Balaam te wè ke sa te fè SENYÈ a plezi pou beni Israël, li pa t ale tankou lòt fwa yo pou chache wanga, men li te fikse figi li vè dezè a. Konsa, Balaam te leve zye li anwo, li te wè Israël ki t ap fè kan, tribi pa tribi; epi Lespri Bondye te vini sou li.
Li te reprann diskou li e te di:
“Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a,
Pòt pawòl a nonm ki gen zye louvri a;
Pòt pawòl a sila ki koute pawòl a Bondye yo,
ki wè vizyon Toupwisan an, ki t ap tonbe,
men zye li gen tan vin debouche.
Ala tant nou yo bèl, O Jacob,
ak abitasyon nou yo, O Israël!
Tankou vale ki vin ouvri byen laj,
tankou jaden ki bò kote rivyè yo,
tankou plan lalwa ki plante pa SENYÈ a,
tankou bwa sèd ki bò kote dlo yo.
Dlo yo va koule nan bokit li yo,
e jèm desandan li yo va bò kote anpil dlo.
Wa li a va pi wo pase Agag, e wayòm li a va vin egzalte.
Bondye mennen l sòti an Égypte.
Li pou li tankou kòn a yon bèf mawon.
Li va devore nasyon ki advèsè li yo.
Li va kraze zo yo an mòso,
Li va kraze yo avèk flèch li yo.
Li koube ba, li kouche tankou yon lyon;
tankou yon manma lyon.
Se kilès ki kab tante deranje l?
Beni se tout moun ki beni ou,
e modi se tout moun ki modi ou.”
10 Konsa, kòlè Balak te brile kont Balaam. Li frape men l ansanm; epi li te di a Balaam: “Mwen te rele ou pou modi lènmi mwen yo, men gade, ou te pèsiste nan beni yo menm twa fwa sa yo! 11 Pou sa, kouri ale nan plas ou koulye a. Mwen te di ke mwen ta onore ou anpil, men gade byen, SENYÈ a te anpeche ou resevwa onè a.”
12 Balaam te di a Balak: “Èske mwen pa t di mesaje ke ou te voye kote mwen yo: 13 ke menm si Balak te ban mwen kay li plen avèk ajan ak lò, ke m pa t kab fè anyen kontrè ak lòd SENYÈ a, kit bon kit mal nan pwòp volonte pa m. Sa ke SENYÈ a pale a, se sa mwen va pale? 14 Epi koulye a, veye byen, mwen ap prale kote pèp mwen an. Vini, mwen va bay ou konsèy sou sa ke pèp sa a va fè a pèp pa ou a nan jou k ap vini yo.”
15 Li te reprann diskou li e te di:
“Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a,
e pòt pawòl a nonm avèk zye louvri a di,
16 Li di ki tande pawòl Bondye yo,
ki gen konesans a Trè Wo a,
ki wè vizyon a Toupwisan an,
k ap tonbe, men ak zye li ki gen tan fin ouvri.
17 Mwen wè li, men pa koulye a.
Mwen gade l, men pa toupre.
Yon zetwal va sòti nan Jacob.
Yon baton a wa va leve sòti an Israël.
Li va kraze travèse fwon Moab la,
e li va dechire tout fis a Seth yo.
18  Édom va yon posesyon pou li.
Séir, lènmi li, osi, va yon posesyon pou li,
pandan Israël ap aji avèk gwo kouraj.
19 Youn ki soti nan Jacob va gen tout pouvwa,
li va detwi retay lavil la.”
 
20 Li te gade Amalec. Li te reprann diskou li e li te di:
“Amalec se te premye nan nasyon yo,
men lafen li pi lwen se destriksyon.”
 
21 Epi li te gade Kenizyen nan, li te reprann diskou li e li te di:
“Kote ou rete a, gen andirans.
Nich kote ou chita nan falèz la.
22 Malgre, Cain va gate nèt,
jis lè Asiryen yo pote nou ale an kaptif?”
 
23 Epi li te vin reprann diskou li. Li te di:
“Ay, kilès ki ka viv lè Bondye fè sa a?
24 Men gwo bato yo va sòti nan kòt Kittim.
Yo va pini Asiryen yo, yo va aflije Éber.
Men li menm tou va vin detwi.”
25 Konsa, Balaam te leve e te pati pou retounen nan plas li, e Balak osi te al fè wout li.
24:1 Nonb 23:28 24:2 I Sam 19:20 24:3 Nonb 24:15-16 24:4 Nonb 22:20 24:6 Sòm 45:8 24:7 I Sam 15:8 24:8 Nonb 23:22 24:9 Jen 12:3 24:12 Nonb 22:18 24:13 Nonb 16:28 24:13 Nonb 31:8-16 24:14 Nonb 31:8-16 24:15 Nonb 24:3-4 24:17 Jen 49:10 24:18 Am 9:11-12 24:18 Jen 32:3 24:20 Nonb 24:24 24:21 Jen 15:9 24:22 Jen 10:21-22 24:24 Éz 27:6 24:24 Jen 10:21 24:25 Nonb 24:14