13
Nan jou sa a, Jésus te sòti nan kay la e te chita bò kote lanmè a. Yon gran foul te rasanble bò kote L, epi Li te antre chita nan yon kannòt. Foul la te kanpe arebò lanmè a. Li te pale anpil bagay avèk yo an parabòl konsa: “Gade byen, yon moun ki t ap plante, te ale deyò pou simen grenn. Pandan li t ap simen, kèk grenn te tonbe akote wout la, e zwazo te vin manje yo. Gen lòt ki te tonbe kote ki plen wòch kote te manke tè, epi yo te leve byen vit pwiske tè a te manke pwofondè. Men lè solèy la vin leve, yo te vin sèch; akoz ke yo te manke rasin, yo te vin fennen. Lòt te tonbe pami pikan e pikan yo te leve toufe yo. Lòt te tonbe nan bon tè kote yo te bay yon bon rekòlt; kèk miltipliye san fwa, kèk swasant fwa, e kèk trant fwa. Sila ki gen zòrèy la, kite li tande.”
10 Disip Li yo te vin kote L e te mande: “Poukisa ou pale avèk yo an parabòl konsa?”
11 Li te reponn yo: “A nou menm, li pèmèt pou nou konnen sekrè a wayòm syèl la, men pou yo menm, sa poko pèmèt. 12  Paske pou nenpòt moun ki genyen, l ap vin resevwa plis, e l ap gen an abondans; men pou nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men l. 13  Se pou sa Mwen pale ak yo an parabòl; paske pandan y ap gade yo p ap wè, e pandan y ap tande yo p ap koute, ni yo p ap konprann. 14  Se nan yo menm, ke pwofesi Ésaïe a ap akonpli lè l di:
‘Nou va kontinye tande, men nou p ap konprann;
nou va kontinye gade, men nap manke apèsi.
15  Paske kè a pèp sa a pa sansib ankò.
Avèk zòrèy yo manke tande e yo fèmen zye yo;
otreman yo ta wè avèk zye yo, tande avèk zòrèy yo,
konprann avèk kè yo, e retounen pou M ta kapab geri yo.’
16  “Men beni se zye pa nou paske yo wè; e zòrèy nou paske yo tande. 17  Anverite, Mwen di nou ke anpil pwofèt ak moun ladwati te vle wè sa ke nou menm wè a, men yo pa t janm wè; e pou tande sa ke nou tande a, men yo pa t tande l.
18  “Pou sa, tande parabòl moun ki t ap simen an. 19  Lè nenpòt moun tande pawòl wayòm nan e li pa konprann li, mechan an (Satan) vini rache sa ki te plante nan kè li a. Sa se grenn ki te simen akote wout la. 20  Sa ki te simen nan wòch yo se moun ki tande pawòl la e imedyatman li resevwa l avèk jwa; 21  men li pa gen rasin pou kont li, e li dire sèlman pou yon moman. Lè gen afliksyon avèk pèsekisyon akoz pawòl la, byen vit li chite. 22  Epi sila ki te simen pami pikan yo se moun ki tande pawòl la, men tout pwoblèm mond sa a, avèk sediksyon richès yo toufe pawòl la, e li pa donnen fwi. 23  Konsa, sila ki te gen grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la e ki konprann li. Li vrèman pote fwi ki pwodwi pafwa, san fwa, pafwa swasant fwa, e pafwa trant fwa sa li te simen an.”
24 Jésus te bay yo yon lòt parabòl. Li te di: “Wayòm syèl la se kon yon nonm ki simen bon semans nan chan li. 25  Men pandan ouvriye li yo t ap dòmi, lènmi li yo te vin simen zèb pikan pami ble a, e ale. 26  Men lè ble a te vin leve e fòme tèt grenn, zèb pikan yo te parèt tou. 27  Epi esklav a mèt tè yo te vin di l: ‘Mèt, èske nou pa t simen bon semans nan chan ou an? Kijan konsa li vin plen avèk zèb pikan sa yo.’
28  “Epi Li te di yo: ‘Yon lènmi te fè sa!’ E esklav yo te di li: ‘Ou pa vle nou ale ranmase yo?’
29  “Men li te di yo: ‘Non, paske pandan nou ap ranmase zèb pikan yo, nou kab derasinen ble a tou. 30  Kite toulède grandi ansanm jouk rekòlt la rive. Nan tan rekòlt la, mwen va di ouvriye yo, premyèman, ranmase zèb pikan yo, mare yo nan pake e brile yo. Men ranmase ble a pou mete li nan depo mwen.’ ”
31 Li te pale yon lòt parabòl a yo menm. Li te di: “Wayòm syèl la tankou yon grenn moutad ke yon nonm te pran pou simen nan jaden li. 32  Malgre grenn sa a pi piti pase tout lòt grenn yo, lè li vin grandi, li pi gran pase tout lòt plant nan jaden an, e te vin fè yon pyebwa kote tout zwazo ki vole anlè vin fè nich nan branch li yo.”
33 Li pale yon lòt parabòl a yo menm konsa: “Wayòm syèl la tankou ledven ke yon fanm te pran pou sere nan twa mezi farin jiskaske tout vin leve.”
34 Tout bagay sa yo, Jésus te pale a foul la an parabòl, epi Li pa t pale avèk yo san parabòl. 35 Se te pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt yo lè yo te di:
“Mwen va ouvri bouch Mwen an parabòl;
Mwen va eksprime sekrè ki kache depi fondasyon mond sa a.”
36 Apre sa, Li kite foul la e Li te ale nan kay la. Disip Li yo te vin kote l pou di: “Eksplike nou parabòl konsènan zèb pikan nan chan an.”
37 Li te di: “Sila a ki simen bon semans lan se Fis a Lòm nan. 38  Chan an se lemonn, e bon semans lan, se sila yo ki fis a wayòm nan. Zèb pikan yo se sila yo ki fis a mechan an. 39  Epi lènmi ki te simen move grenn nan se Satan. Rekòlt la se fen tan yo, epi ouvriye yo se zanj yo. 40  Pou sa, menm jan ke zèb pikan yo ranmase e brile avèk dife, konsa sa ap ye nan fen tan yo. 41  Fis a Lòm nan ap voye zanj li yo pou ranmase fè sòti nan wayòm Li an, tout obstak ki fè moun tonbe, avèk tout sila k ap fè mechanste. 42  L ap jete yo nan founo dife a e nan plas sa a, y ap kriye e y ap manje dan yo. 43  Konsa, sila ki gen ladwati yo ap fè klè tankou solèy la nan wayòm Papa yo a. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.
44  “Wayòm syèl la tankou yon trezò ki te sere nan yon chan. Yon nonm te twouve li e te sere l ankò. Ranpli ak lajwa, li te kouri ale vann tout sa li te posede, e te achte chan sa a.
45  “Ankò, wayòm syèl la tankou yon machann k ap chèche bèl pèl. 46  Lè li twouve youn ki gen gran valè, li te ale vann tout sa li te posede pou te achte l.
47  “Ankò, wayòm syèl la se yon filè ki voye nan lanmè pou ranmase tout kalite pwason. 48  Lè l fin ranpli, yo rale li atè. Yo te chita pou mete bon pwason nan yon veso, e te jete move yo. 49  Konsa sa ap ye nan fen tan yo. Zanj yo ap tou parèt e y ap fè triyaj mechan yo pami jis yo. 50  Epi y ap jete mechan yo nan founo dife a, kote y ap kriye e manje dan yo.
51  “Èske nou konprann tout bagay sa yo?”
Yo reponn Li: “Wi”.
52 Epi Jésus te di yo: “Konsa, chak skrib ki vini yon disip a wayòm nan se tankou yon mèt kay ki fè vin parèt nan trezò li sa ki nèf ak sa ki vye.”
53  Lè Jésus te fini avèk parabòl sa yo, li kite la. 54  Li rive nan vil pa Li a, e Li te kòmanse preche nan sinagòg yo, jiskaske yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve sajès sila a ak pouvwa fè mirak sa yo? 55 Se pa pitit a chapant la? Èske yo pa rele manman L Marie, e frè li yo Jacques, Joseph, Simon ak Judas? 56 Epi sè Li yo; èske yo tout pa avèk nou? Ebyen, kote nonm sa a twouve tout bagay sa yo?” 57 Konsa, yo te pran ofans de Li.
Men Jésus te di yo: “Yon pwofèt p ap janm manke respè sof ke nan pwòp vil li, ak nan pwòp kay li.” 58 Li pa t fè anpil mirak la akoz ke yo pa t kwè.
13:1 Mc 2:13 13:2 Luc 5:3 13:3 Mat 13:10 13:8 Jen 26:12 13:9 Mat 11:15 13:11 Mat 19:11 13:12 Mat 25:29 13:13 Det 29:4 13:14 És 16:9 13:15 És 6:10 13:16 Mat 16:17 13:17 Jn 8:56 13:18 Mc 4:13-20 13:19 Mat 4:23 13:21 Mat 11:6 13:22 Mat 19:23 13:23 Mat 13:8 13:24 Mat 13:31,33,45,47 13:30 Mat 3:12 13:31 Mat 13:24 13:32 Éz 17:23 13:33 Mat 13:24 13:34 Mc 4:34 13:35 Sòm 78:2 13:36 Mat 13:1 13:36 Mat 15:15 13:37 Mat 8:20 13:38 Mat 8:12 13:38 Jn 8:44 13:39 Mat 16:4 13:40 Mat 12:32 13:41 Mat 8:20 13:42 Mat 13:50 13:42 Mat 8:12 13:43 Dan 12:3 13:44 Mat 13:46 13:45 Mat 13:24 13:47 Mat 13:44 13:49 Mat 13:39,40 13:50 Mat 13:42 13:53 Mat 7:28 13:54 Mc 6:1-6 13:54 Mat 4:23 13:55 Mat 12:46 13:56 Mc 6:3 13:57 Mat 11:6 13:57 Mc 6:4