12
Nan lè sa a, Jésus te pase nan chan sereyal yo nan jou Saba a e disip Li yo te vin grangou. Yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal pou manje yo. Men lè Farizyen yo te wè sa, yo te di Li: “Gade, disip Ou yo fè sa ki pa pèmi nan yon jou Saba.”
Men Li te di yo: “Èske nou pa li sa ke David te fè lè li te vin grangou; li menm avèk lòt moun ki te avè l yo? Jan li te antre nan kay Bondye a, e te manje pen ki te konsakre ki pa t pèmi pou li ta manje, ni pou sa yo ki te avè l yo, men te sèlman pou prèt yo? Oubyen èske nou pa t li nan Lalwa a ke nan jou Saba a, prèt yo nan tanp lan te konn vyole Saba a men rete inosan? Men Mwen di nou ke yon choz pi gran pase tanp lan isit la. Men si nou te konnen kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd olye sakrifis’, nou pa t ap kondane inosan yo. Paske Fis a Lòm nan se Senyè Saba a.”
Konsa, Li te kite la e te ale nan sinagòg yo. 10 Epi vwala, te gen yon mesye avèk yon men ki sèch. Farizyen yo te mande L: “Èske li pèmi pou geri nan jou Saba a?” Yo te mande sa a pou yo ta kapab akize Li.
11 Li te reponn yo: “Ki moun nan sila ki pami nou yo, si li te gen yon mouton ki tonbe nan yon twou nan Saba a, pa t ap lonje pran l e fè l sòti nan twou a? 12  Konbyen plis valè a yon moun pase yon mouton? Ebyen, li pèmi pou fè sa ki bon nan Saba a.” 13 Konsa, Li di mesye a: “Lonje men ou!” Li te lonje li, e li te retounen nòmal tankou lòt la. 14 Men Farizyen yo te soti deyò, pou fè konplo ansanm kont Li, sou kijan yo ta kapab detwi L.
15 Men Jésus te vin konnen tout sa, e Li te retire kò l.
Anpil moun te swiv Li, e Li te geri yo tout.
16 Epi Li te pase lòd pou yo pa fè pèsòn konnen ki moun Li te ye. 17 Sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa pwofèt Ésaïe a lè li te di:
18  “Gade sèvitè Mwen ke Mwen te chwazi a;
byeneme Mwen ki fè nanm Mwen byen kontan an.
M ap mete lespri Mwen sou Li,
e Li va pwoklame jistis a payen yo.
19  Li p ap diskite, ni kriye;
ni pèsòn p ap tande vwa Li nan lari.
20  Yon wozo brize, Li p ap kase,
e yon fisèl bouji k ap toufe,
Li p ap tenyen,
jouk lè Li mennen jistis la rive nan viktwa a.
21  Nan Non Pa Li, payen yo ap gen espwa.”
22  Apre sa, yo te pote bay Li yon mesye ki te avèg e bèbè akoz yon move lespri. Li te geri li, e bèbè a te vin pale e li te vin wè. 23 Tout foul la te etone, e te kòmanse di: “Èske se posib ke moun sa a kapab Fis a David?” 24 Men lè Farizyen yo tande sa, yo te di: “Mesye sa ap chase move lespri sa yo pa Béelzébul ki mèt a tout move lespri yo.”
25  Li te konnen panse yo, e Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont pwòp tèt li va gaye; e nenpòt vil oswa kay ki divize kont pwòp tèt li p ap kanpe. 26  Si se Satan k ap jete Satan, li divize kont pwòp tèt li. Konsa kijan wayòm li va kanpe? 27  Epi si Mwen menm pa fòs Béelzébul, chase move lespri yo, pa kilès fis nou yo ap jete yo? Pou rezon sa a, se yo menm k ap jije nou. 28  Men si Mwen chase move lespri yo pa Lespri Bondye a, wayòm Bondye a gen tan vini sou nou. 29  Oubyen kijan yon moun kapab antre nan kay a nonm fò, pou pran tout byen li, sof ke premyèman li mare nonm fò a? Lè l fini, l ap piyaje kay la.
30  “Sila ki pa pou Mwen an, kont Mwen; e sila ki pa ranmase avè M nan ap gaye. 31  Pou sa, Mwen di nou, nenpòt peche, menm blasfèm kapab padone; men blasfèm kont Lespri Sen an p ap kapab padone. 32  Nenpòt moun ki pale yon mo kont Fis a Lòm nan, l ap padone; men nenpòt moun ki pale yon mo kont Lespri Sen an, sa p ap padone, ni nan laj sila a ni nan laj k ap vini an.
33  “Swa pyebwa a bon, e fwi li bon; oubyen pyebwa a pouri e fwi li pouri. Pyebwa a rekonèt pa fwi ke li bay. 34  Nou menm nich vipè, jan nou mechan; kijan nou sipoze nou kapab pale sa ki bon? Se bouch la ki pale tout sa ki plen kè a. 35  Bon moun nan fè sòti nan bon trezò li, sa ki bon; e move moun nan fè sòti nan move trezò li, sa ki mal. 36  Epi Mwen di nou ke nan jou jijman an, moun ap rann kont pou chak ti mo ke yo pale anven. 37  Paske pa pawòl nou, nou va jistifye; e pa pawòl nou, nou va kondane.”
38 Kèk nan Skrib ak Farizyen yo te reponn li konsa: “Mèt, nou vle wè yon sign de Ou menm”.
39 Men li te reponn yo konsa: “Yon jenerasyon mechan ak adiltè vle yon sign; men pa gen yon sign ke n ap bay sof ke sign ki pou pwofèt Jonas la. 40  Menm jan ke Jonas te pase twa jou ak twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa Fis a Lòm nan ap pase twa jou ak twa nwit nan kè latè. 41  Moun Niniv ap kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske yo te repanti lè Jonas te preche yo. Epi veye byen, yon bagay pi gran pase Jonas gen tan rive isit la. 42  Rèn nan Sid la ap leve avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske li te sòti nan dènye ekstremite latè pou tande sajès Salomon; epi veye byen, yon choz pi gran pase Salomon gen tan rive isit la.
43  “Alò, lè yon move lespri kite yon nonm, li pase nan zòn sèk san dlo pou chache repo, men li pa jwenn. 44  Konsa li di: M ap retounen lakay kote mwen te sòti a. Lè li vini li twouve li vid, bale e ranje nan lòd. 45  Konsa l ale chache sèt lòt espri pi mal ke li. Yo antre la pou viv avè l, epi dènye eta a moun sa a pi mal pase premye a. Se konsa l ap ye avèk jenerasyon mechan sila a.”
46  Pandan Li te toujou ap pale avèk foul la, konsa, manman L avèk frè Li yo te vin parèt pa deyò akoz yo te vle pale avèk Li. 47 Yon moun te di li: “Gade, manman Ou avèk frè Ou yo kanpe deyò a pou pale avèk ou!”
48 Men Li te reponn sila ki te pale avèk Li pou di l: “Kilès ki manman M? E kilès ki frè M?” 49 Konsa, byen lonje men L vè disip Li yo, Li te di: “Gade manman M ak frè Mwen yo. 50  Paske sila ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la, se li menm ki frè M, sè M, ak manman M.”
12:2 Mat 12:10 12:4 I Sam 2:16 12:6 II Kwo 6:18 12:7 I Sam 6:6 12:8 Mat 8:20 12:9 Mc 3:1-6 12:10 Mat 12:2 12:11 Luc 14:5 12:12 Mat 10:31 12:13 Mat 8:3 12:14 Mat 26:4 12:15 Mat 4:23 12:16 Mat 8:4 12:18 És 42:1 12:18 Mat 3:17 12:19 És 42:2 12:20 És 42:3 12:21 Wo 15:2 12:22 Mat 9:32,34 12:23 Mat 9:27 12:24 Mat 9:34 12:25 Mat 23:27 12:26 Mat 4:10 12:27 Trav 19:13 12:28 I Jn 3:8 12:30 Mc 9:40 12:31 Luc 12:10 12:32 Luc 12:10 12:32 Mat 13:22,39 12:33 Mat 7:16-18 12:34 Mat 3:7 12:35 Pwov 10:20,21 12:36 Mat 10:15 12:38 Mat 16:1 12:39 Mat 16:4 12:40 Jon 1:17 12:40 Mat 16:21 12:41 Jon 3:5 12:42 I Wa 10:1 12:43 Luc 11:24-26 12:45 Mc 5:9 12:46 Mc 3:31-35