LEVANJIL SELON MATTHÏEU
1
Rejis a zansèt Jésus Kris yo, fis a David, fis a Abraham nan. Abraham te papa Isaac. Isaac te fè Jacob. Jacob te papa Juda ak lòt frè l yo. Juda te papa Pharès avèk Zara pa Thamar, Pharès te papa Esrom, epi Esrom te papa a Ram. Ram te papa Aminadab. Aminadab te papa Naasson. Naasson te papa Salmon. Salmon e Rehab te fè Boaz. Boaz te papa Obed pa Ruth; Obed te papa Isaï. Epi Isaï te bay nesans a David, wa a. David te fè Salomon pa Bathshéba ki te madanm a Urie. Salomon te fè Roboam. Roboam fè Abia, e pa Abia, Asa. Asa te fè Josaphat, e pa Josaphat, Joram. Pa Joram, Ozias; Pou Ozias te fèt Jotham; e a Jotham, Achaz; a Achaz, Ézéchias; 10 epi pa Ézéchias te fèt Manassé; e a Manassé, Amon; e pa Amon Josias; 11 Josias te fè Jéchonias ak frè li yo nan tan depòtasyon Babylone nan.
12 Aprè depòtasyon Babylone nan, Jéchonias te fè Salathiel; e pa Salathiel, Zorobabel. 13 A Zorobabel te fèt Abiud; e a Abiud, Eliakim, e a Eliakim, Azor. 14 Pou Azor te vin fèt Sadok, e a Sadok, Achim, e a Achim, Éliud. 15 A Éliud te vin fèt Éléazar. Éléazar te fè Matthan, e pou Matthan, Jacob. 16 Jacob te fè Joseph, mari a Marie a, manman a Jésus ke yo rele Kris la.
17 Konsa, tout jenerasyon yo soti nan Abraham jiska David se katòz jenerasyon epi kite David pou rive nan depòtasyon Babylone nan, se katòz jenerasyon. E poukite depòtasyon Babylone nan pou rive a Kris La, se katòz jenerasyon.
18 Nesans a Jésus, Kris la te fèt konsa: Lè manman Li, Marie, te fiyanse ak Joseph, avan ke yo te vini ansanm, li te twouve ansent pa Lespri Sen an. 19 Konsa, Joseph, mari li, ki te yon nonm dwat, pa t vle fè l wont. Pou sa a, li te pran desizyon pou mete l sou kote an sekrè. 20 Men pandan li t ap anvizaje sa, konsa, yon zanj Bondye te parèt devan li nan yon rèv epi te di l konsa:
“Joseph, fis a David la, ou pa bezwen pè pran Marie kon madanm ou; pwiske sa ki gen tan plase nan vant li an, soti nan Lespri Sen an. 21 Li va fè yon fis, epi ou va rele li Jésus paske se Li menm ki va sove pèp li a de peche yo.”
22 Tout sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa Senyè a, atravè pwofèt yo;
23  “Koute byen, vyèj la va vin ansent
e l ap fè yon gason.
Y ap nonmen li Emmanuel”,
ki tradwi vle di “Bondye Avèk Nou”.
24 Konsa, Joseph te leve nan dòmi. Li te fè sa ke zanj Senyè a te mande l fè a, e te pran li pou madanm li. 25 Li te kenbe l kon yon vyèj jiskaske li te fin fè gason an, epi li te rele li Jésus.
1:1 És 9:6 1:3 Rt 4:18-22 1:6 II Sam 11:27 1:7 I Kwo 3:10 1:10 I Kwo 3:14 1:11 II Wa 24:14 1:16 Mat 27:17-22 1:17 II Wa 24:14 1:18 Mat 12:46 1:19 Det 22:20-24 1:20 Luc 2:4 1:21 Luc 2:11 1:22 Luc 24:44 1:23 És 7:14 1:23 És 9:6,7 1:25 Mat 1:21