4
“Paske gade byen, jou a ap vini, byen cho tankou yon founo, lè tout moun ògeye yo ak tout malfektè yo va vin tounen pay vannen. Jou k ap vini an va fin boule yo nèt,” pale SENYÈ Dèzame yo: “jiskaske li pa kite pou yo ni rasin ni branch. Men pou nou menm ki gen lakrent non Mwen an, solèy ladwati a va vin leve ak gerizon nan zèl li. Konsa, nou va sòti deyò pou sote toupatou tankou ti bèf ki fenk sòti nan pak yo. Nou va foule mechan an anba pye nou, paske yo va tankou sann anba pla pye nou nan jou ke Mwen fè,” pale SENYÈ dèzame yo.
“Sonje lalwa a sèvitè Mwen an, Moïse, règleman ak òdonans ke M te kòmande li nan Horeb pou tout Israël yo.
“Gade byen, Mwen ap voye bannou Élie, pwofèt la, avan gwo jou tèrib a SENYÈ a vin rive a. Li va tounen kè a papa yo vè pitit yo, e kè a pitit yo vè papa yo, pou m pa vin frape peyi a avèk yon malediksyon.”
4:1 Sòm 21:9; És 9:18,19 4:2 II Sam 23:4; Jr 30:17 4:3 Job 40:12 4:4 Det 4:23 4:5 Mat 11:14 4:6 Luc 1:17 4:6 És 11:4