24
Men nan premye jou semèn nan, nan granmmaten, yo te vini nan tonm nan, e te pote epis ke yo te fin prepare yo. Konsa, yo te twouve wòch la woule akote tonm nan, men lè yo te antre, yo pa t twouve kò a Senyè Jésus a. Pandan yo te twouble akoz sa, vwala sibitman, de mesye te kanpe toupre yo a ak yon abiman briyan. Fanm yo te sezi avèk laperèz, e te bese figi yo jis atè.
Mesye yo te di yo: “Poukisa nou ap chache Sila ki vivan an pami mò yo? Li pa la, men Li gen tan leve. Sonje jan Li te pale avèk nou pandan Li te toujou Galilée a? Li t ap di ke fòk Fis a Lòm nan livre nan men a moun pechè yo, pou krisifye, e leve ankò nan twazyèm jou a.”
Konsa yo te sonje pawòl Li yo. Yo te retounen soti nan tonm nan e te bay rapò a tout bagay sa yo a onz yo ak tout lòt yo. 10 Alò, se te Marie Magdala, Jeanne, Marie, manman a Jacques; anplis, lòt fanm ki te avèk yo, ki t ap pale apòt yo bagay sa yo. 11 Men pawòl sa yo te parèt a yo menm tankou foli, e yo te refize kwè yo. 12 Men Pierre te leve, e te kouri nan tonm nan. Lè l te bese pou gade ladann, li te wè sèlman twal lèn ki te sèvi pou vlope a; epi li te sòti pou rive lakay li byen etone de sa ki te pase a.
13 E konsa, de nan yo t ap prale menm jou sa nan yon vil yo te rele Emmaüs, ki te anviwon a onz kilomèt de Jérusalem. 14 Yo t ap pale youn ak lòt sou tout bagay sa yo ki te fèt. 15 Pandan yo t ap pale ak diskite, Jésus Li menm te pwoche, e te kòmanse mache fè wout la ansanm avèk yo. 16 Men zye pa yo te anpeche yo rekonèt Li. 17 Li te di yo: “Kilès pawòl sa yo ke n ap pataje youn avèk lòt konsa pandan n ap mache a, plen tristès konsa?” 18 Youn nan yo ke yo te rele Cléopas, te reponn e te di Li: “Èske se ou sèl k ap vizite Jérusalem ki pa konnen sa ki te pase isit la nan jou sa yo?”
19 Li te di yo: “Ki bagay”? Epi yo te di Li: “Bagay sou Jésus de Nazareth la, ki te yon pwofèt byen fò nan zèv, ak pawòl nan zye Bondye avèk tout pèp la. 20 Kijan chèf prèt yo avèk dirijan nou yo te livre li kondane a lanmò, e te krisifye Li. 21 Men nou t ap espere ke se te Li ki t ap fè redanmsyon Israël a. Anplis de tout sa, se twazyèm jou a depi bagay sa yo te fèt. 22 Men osi, kèk fanm pami nou te etone nou. Lè yo te nan tonm nan bonè maten an, 23 epi pa t twouve kò Li, yo te vin di ke yo te wè yon aparisyon de zanj ki te di ke Li te vivan. 24 Kèk nan sila ki te avèk nou yo te ale nan tonm nan, e te twouve li vrèman menm jan ke fanm yo te di a; men Li menm, yo pa t wè L.”
25 Konsa, Li te reponn yo: “O moun ki manke konprann, e ki gen kè lan pou kwè nan tout sa ke pwofèt yo te pale yo; 26  Èske li pa t nesesè pou Kris la te soufri bagay sa yo, pou antre nan glwa Li?” 27 Answit, Li te kòmanse avèk Moïse, ak tout pwofèt yo, e Li te eksplike yo bagay konsènan Li menm nan tout Ekriti Sen yo.
28 Konsa, yo te pwoche vil kote yo t ap prale a, e Li te fè tankou Li t ap prale pi lwen.
29 Men yo te ankouraje Li, e te di L: “Rete avèk nou, paske nwit lan ap pwoche, e jounen an prèt pou fini.” Konsa, Li te antre pou rete avèk yo. 30 Lè Li te repoze sou tab avèk yo, Li te pran pen an; Li te beni li, kase li, e Li te kòmanse bay yo li. 31 Answit zye yo te vin ouvri e yo te rekonèt Li; epi Li te disparèt devan zye yo. 32 Yo te di youn ak lòt: “Èske kè nou pa t ap boule nan nou pandan Li t ap pale avèk nou sou wout la, pandan Li t ap eksplike nou Ekriti Sen yo?” 33 Epi yo te leve menm lè a; yo te retounen Jérusalem, e yo te twouve onz yo reyini ansanm avèk sila ki te avèk yo. 34 Yo te di yo ke Senyè a vrèman leve, e te parèt a Simon. 35 Yo te kòmanse pataje sa ki te pase nan wout la, ak jan yo te vin konnen Li nan kase pen an.
36 Pandan yo t ap pale bagay sa yo, Li menm te kanpe nan mitan yo, e te di yo: “Ke lapè rete avèk nou.”
37 Men yo te etone, pè e te panse ke se te yon lespri ke yo te wè a.
38 Epi Li te di yo: “Poukisa nou twouble, e poukisa dout leve nan kè nou? 39  Gade men Mwen, ak pye Mwen, ke se Mwen menm; touche Mwen pou wè, paske yon lespri pa gen chè avèk zo, tankou nou wè ke M genyen an.” 40 Lè l fin di sa, Li te montre yo men Li avèk pye Li. 41 Pandan yo te toujou mal pou kwè akoz lajwa ak sezisman yo, Li te di yo: “Èske nou pa gen anyen isit la pou manje?”
42 Yo te bay Li yon mòso pwason boukannen. 43 Li te pran l e te manje l devan yo. 44 Alò, Li te di yo: “Sa se pawòl Mwen yo ke Mwen te pale avèk nou pandan Mwen te toujou avèk nou an. Ke tout bagay ki ekri sou Mwen menm nan Lalwa Moïse avèk Pwofèt yo avèk Sòm yo ta oblije akonpli.”
45 Answit Li te ouvri lespri pa yo pou konprann Ekriti Sen yo. 46 Li te di yo: “Se konsa li ekri ke Kris la va soufri, e leve ankò soti nan lanmò nan twazyèm jou a. 47  Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem. 48  Nou menm se temwen a bagay sa yo. 49  Gade byen, Mwen ap voye kote nou pwomès Papa M nan. Men fòk nou rete nan vil la jiskaske nou vin abiye avèk pwisans ki sòti anwo a.”
50 Li te mennen yo deyò jiska Béthanie, e Li te leve men L yo, e te beni yo. 51 Pandan Li t ap beni yo, Li te kite yo e te leve monte nan syèl la. 52 Yo menm, lè yo te fin adore Li, yo te retounen Jérusalem avèk gran jwa. 53 Yo te rete nan tanp lan tout tan e yo t ap bay lwanj a Bondye.
24:1 Jn 20:1-8 24:3 Luc 7:13 24:4 Jn 20:12 24:6 Mc 16:6 24:6 Mat 17:22 24:7 Mat 16:21 24:8 Jn 2:22 24:10 Mat 27:56 24:12 Jn 20:3-6 24:12 Jn 20:10 24:16 Luc 24:31 24:20 Luc 23:13 24:21 Luc 1:68 24:22 Luc 24:1 24:25 Mat 26:24 24:26 Luc 24:7-44 24:27 Jen 3:15 24:28 Mc 6:48 24:30 Mat 14:19 24:31 Luc 24:16 24:32 Luc 24:45 24:33 Trav 1:14 24:34 Luc 24:6 24:34 I Kwo 15:5 24:35 Luc 24:30 24:37 Mat 14:26 24:39 Jn 20:27 24:41 Luc 24:11 24:43 Trav 10:41 24:44 Luc 24:27 24:45 Luc 24:32 24:46 Luc 24:26-44 24:47 Mat 28:19 24:48 Trav 1:8-22 24:50 Mat 21:17