23
Alò kon yon sèl kò, yo te leve pou mennen L devan Pilate. Yo te kòmanse akize L, e te di: “Nou te twouve mesye sa t ap egare nasyon nou an, e t ap anpeche yo peye kontribisyon yo bay César, e te di ke Li menm, Li se Kris la, yon Wa.”
Donk Pilate te mande Li: “Èske Ou se Wa a Jwif yo?” Epi Li te reponn li: “Se sa ou di l la”.
Answit Pilate te di a chèf prèt yo avèk foul la: “Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sa a”.
Men yo te kontinye ensiste, e t ap di: “L ap boulvèse pèp la, e L ap enstwi yo toupatou nan Juda, kòmanse soti nan Galilée, pou menm rive nan plas sa a.”
Men lè Pilate te tande sa, li te mande si mesye sa a te yon Galileyen. Lè l te vin aprann ke Li te anba otorite Hérode, li te voye Li vè Hérode, ki te osi nan Jérusalem nan moman sa a.
Alò, Hérode te trè kontan lè l te wè Jésus; paske li te vle wè L depi lontan, akoz ke li t ap tande de Li, e te espere wè l fè kalite mirak ki te fèt pa Li. Li te kesyone Li anpil, men Li pa t reponn li menm. 10 Chèf prèt yo avèk skrib yo te kanpe la, e t ap akize Li avèk vanjans. 11 Epi lè Hérode avèk sòlda li yo, te fin trete L avèk ensolans, e moke L, yo te fè L abiye ak yon bèl manto, e te voye Li retounen bay Pilate. 12 Alò nan menm jou sa a, Hérode avèk Pilate te vin zanmi youn avèk lòt men avan sa, yo te lènmi youn ak lòt.
13 Pilate te rasanble chèf prèt yo avèk ofisye yo avèk pèp la. 14 Li te di yo: “Nou te mennen nonm sa a kote mwen tankou yon moun ki t ap pouse pèp la a rebelyon, e gade byen, selon egzamen ki fèt devan nou, mwen pa twouve okenn koupabilite nan Li, selon chaj ke nou fè kont Li yo. 15 Non, ni Hérode pa twouve anyen, paske li te voye Li tounen bò kote nou; epi byen gade, anyen ki merite lanmò pa t fèt pa Li. 16 Konsa, mwen va pini Li, epi lage Li.”
17 Alò li te oblije lage pou yo yon prizonye nan fèt la. 18 Men yo te kriye fò tout ansanm, e te di: “Fè nonm sa ale! Libere pou nou Barabbas!” 19 (Li te yon moun ki te jete nan prizon pou yon rebelyon ki te fèt nan vil la, ak pou touye moun.)
20 Pilate, ki te vle lage Jésus, te pale avèk yo ankò, 21 men yo te kontinye kriye fò, e te di: “Krisifye! Krisifye Li!”
22 Li te di yo yon twazyèm fwa: “Poukisa? Ki mal mesye sa a fè? Mwen pa twouve nan Li okenn fot ki mande lanmò. Konsa, mwen va pini Li, epi lage Li.” 23 Men yo te ensiste toujou, e t ap mande ak gwo vwa pou Li krisifye. Epi vwa pa yo te kòmanse vin genyen. 24 Konsa, Pilate te pase lòd ofisyèl pou sede bay yo sa yo te mande a. 25 Li te libere mesye ke yo t ap mande a, ki te jete nan prizon pou rebelyon ak touye moun nan, men li te livre Jésus kon volonte pa yo.
26  Lè yo te mennen L sòti, yo te mete men sou yon Simon de Cyrène ki t ap sòti andeyò, e te mete kwa a sou li pou l ta pote l dèyè Jésus. 27 Yon gran foul nan pèp la t ap swiv Li, avèk fanm yo ki t ap kriye e fè lamantasyon pou Li. 28 Men Jésus, te vin vire vè yo, e te di: “Fi Jérusalem yo, sispann kriye pou Mwen, men kriye pou nou menm, ak pou pitit nou yo. 29  Paske, veye byen, jou yo ap vini lè yo va di: ‘Beni se sila ki esteril yo, e vant ki pa t janm fè pitit yo, ak tete ki pa t janm bay timoun tete yo.’ 30  Alò, yo va kòmanse di a mòn yo: ‘Tonbe sou nou, e a ti kolin yo, kouvri nou.’ 31  Paske si yo fè bagay sa yo avèk bwa ki vèt, kisa k ap rive lè l sèch.”
32  De lòt mesye ki te kriminèl yo t ap mennen sòti pou mete a lanmò avèk Li. 33  Lè yo te rive nan plas yo rele Plas Tèt Mò a, yo te krisifye Li avèk kriminèl yo, youn sou bò dwat, e youn sou bò goch.
34 Men Jésus t ap di: “Papa, padone yo; paske yo pa konnen kisa y ap fè.” Epi yo te tire osò pou divize vètman Li pami yo menm. 35 Pèp la te kanpe akote, e t ap gade. Menm ofisye yo t ap moke L, e t ap di: “Li te sove lòt yo, kite Li sove pwòp tèt Li si se Kris a Bondye a, Sila Ke Li Chwazi a.”
36 Sòlda yo osi ki t ap moke Li, te vin kote L, pou ofri Li diven si. 37 Yo t ap di: “Si Ou se Wa a Jwif yo, sove tèt Ou!”
38 Alò te gen yon enskripsyon anwo Li: “Sa Se Wa a Jwif Yo”.
39  Youn nan kriminèl ki te pann yo t ap voye pawòl abizif vè Li; li t ap di: “Èske se pa Kris la Ou ye? Sove tèt Ou, avèk nou!”
40 Men lòt la te reponn ak repwòch e te di: “Èske ou pa menm pè Bondye, paske ou anba menm lòd kondanasyon an? 41 Epi nou menm avèk jistis, paske nou ap resevwa sa ke nou merite pou zèv nou yo; men mesye sila a pa fè okenn mal.” 42 Konsa li te di: “Jésus, sonje mwen lè Ou antre nan wayòm Ou an!”
43 Li te reponn li: “Anverite Mwen di ou, jodi a, ou va avè M nan Paradi.”
44  Alò se te anviwon sizyèm lè, e tenèb te tonbe sou tout latè jiska nevyèm lè. 45 Solèy la te kache nèt, e vwal tanp lan te chire an de bout. 46 Jésus te kriye avèk yon gwo vwa, e te di: “Papa, nan men Ou Mwen remèt lespri Mwen.” Lè L fin di sa, Li te respire dènye souf Li.
47  Alò, lè santenye a te wè sa ki te rive a, li te kòmanse bay lwanj a Bondye, e te di: “Anverite, mesye sa a te inosan.” 48 Alò tout foul la ki te vini ansanm pou espektak sila a, lè yo te wè sa ki te rive a, yo te retounen e t ap bat lestomak yo. 49  Epi tout sila ki te rekonèt Li yo, ak fanm Galilée ki te akonpanye Li yo, te kanpe a yon distans e t ap gade tout bagay sa yo.
50  Yon mesye ki te rele Joseph, yon manm Konsèy la, te yon nonm ki te bon e jis. 51 Li pa t dakò avèk plan yo a. Se te yon mesye ki te soti Arimathée, yon vil a Jwif yo, e li t ap tann vini wayòm Bondye a. 52 Mesye sila a te ale kote Pilate, e te mande kò Jésus. 53 Konsa, li te desann kò li, li te vlope li nan yon twal lèn, e li te depoze li nan yon tonbo ki te fouye nan wòch, kote pèsòn pa t janm te depoze. 54 Se te Jou Preparasyon an, e Saba te prèt pou kòmanse. 55 Alò fanm ki te vini avèk Li yo depi Galilée te swiv, e te wè tonm nan ak jan kò L te depoze a. 56 Answit yo te retounen pou prepare epis avèk pafen. Epi nan Saba a, yo te repoze selon Lalwa a.
23:1 Mat 27:2 23:2 Mat 27:11-14 23:3 Luc 22:70 23:4 Mat 27:23 23:5 Mat 4:12 23:7 Mat 14:1 23:8 Luc 9:9 23:9 Mat 27:12,14 23:11 Mat 27:28 23:12 Trav 4:27 23:13 Luc 23:35 23:14 Luc 23:2 23:14 Luc 23:4 23:15 Luc 9:9 23:16 Mat 27:26 23:18 Jn 18:39 23:22 Luc 23:16 23:26 Jn 19:17 23:27 Luc 8:52 23:29 Mat 24:19 23:30 Os 10:8 23:32 Mat 27:38 23:33 Mat 27:33-44 23:34 Sòm 22:18 23:35 Mat 27:43 23:36 Mat 27:48 23:37 Mat 27:43 23:38 Mat 27:37 23:39 Mat 27:44 23:43 II Kwo 12:4 23:44 Mat 27:45-56 23:45 Egz 26:31-33 23:46 Sòm 31:5 23:47 Mat 27:54 23:48 Luc 8:52 23:49 Mat 27:55 23:50 Mat 27:57-61 23:51 Mc 15:43 23:54 Mat 27:62 23:55 Luc 23:49 23:56 Mc 16:1