13
Alò Josué te vin vye e avanse nan laj lè SENYÈ a te di li: “Ou vin vye e avanse nan laj e anpil nan tè a rete san posede.
“Men tè ki rete yo: tout kote Filisten yo ak tout sila a Gechouryen yo; soti nan Schichor ki nan lès Égypte, jis rive nan fwontyè Ékron ki nan nò (li konte tankou Kananeyen yo); senk prens a Filisten yo: sa Gaza a, sa Asdod la, sa Askalon an, sa Gath la ak sa Ekron an e pa Avyen yo. Nan sid, tout teritwa a Canaan yo ak Meara ki pou Sidonyen yo, soti nan Aphek jis rive nan fwontyè Amoreyen yo; epi teritwa Gibliyen yo avèk tout Liban, vè lès, soti Baal-Gad anba Mòn Hermon jis rive nan Lebo-Hamath.
“Tout pèp ki te rete nan peyi ti kolin yo soti Liban jis rive Misrephoth-Maim, tout Sidonyen yo, mwen va pouse yo ale soti devan fis Israël yo. Se sèl a Israël pou bay li kòm eritaj, jan Mwen te kòmande ou a. Koulye a, pou sa, divize tè sa a kòm eritaj a nèf tribi yo avèk mwatye tribi a Manassé a.”
Avèk lòt mwatye tribi a, Ribenit yo ak Gadit yo te resevwa eritaj pa yo ke Moïse te ba yo lòtbò Jourdain an nan lès, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a: soti Aroër ki akote vale Arnon an, avèk vil ki nan mitan vale a ak tout plèn Médeba a, jis rive nan Dibon; 10 epi tout vil a Sihon yo, wa a Amoreyen yo, ki te renye nan Hesbon yo, jis rive nan lizyè fis a Ammon yo; 11 epi Galaad ak teritwa a Gechouryen yo avèk Maakatyen yo, tout Mòn Hermon an ak tout Basan jis rive Salca; 12 tout wayòm a Og yo nan Basan ki te renye nan Ashtaroth ak nan Édréï, (se te li sèl ki te rete kòm retay a Rephaïm yo); paske Moïse te frape yo e deplase yo.
13 Men fis Israël yo pa t deplase Gechouryen yo ak Maakatyen yo; paske Gueschur avèk Maacath rete pami Israël yo jis jodi a.
14  Sèlman a tribi Levi a, li pa t bay eritaj. Ofrann pa dife a SENYÈ a, Bondye a Israël la, se eritaj pa yo, jan Li te pale yo a.
15 Epi Moïse te bay a tribi fis a Ruben yo selon fanmi pa yo. 16 Teritwa pa yo te soti Aroër ki arebò vale Arnon an, avèk vil nan mitan vale a ak tout plèn akote Médeba a; 17 Hesbon ak tout vil pa li yo ki nan plèn nan: Dibon avèk Bamoth-Baal ak Beth-Baal-Meon, 18 epi Jahats, Kedémoth, Méphaath, 19 Kirjathaïm, Sibma, Tséreth-Haschachar sou mòn a vale a, 20 Beth-Peor, avèk pant a Pisga yo, Beth-Jeschimoth, 21 tout vil nan plèn yo ak tout wayòm a Sihon an, wa Amoreyen an, ki te renye nan Hesbon, ke Moïse te frape ansanm avèk chèf Madian yo, Évi, Rékem, Tsur, Hur, avèk Reba, prens a Sihon yo, ki te rete nan peyi a. 22 Fis Israël yo, osi, te touye avèk nepe, Balaam, fis a Beor a, yon divinò, pami tout lòt ki te mouri nan yo. 23 Lizyè a fis a Ruben yo se te Jourdain an. Sa se te eritaj a fis Ruben yo selon fanmi pa yo, vil ak ti bouk yo.
24 Moïse, osi, te bay tribi Gad la, a fis Gad yo, selon fanmi pa yo. 25 Teritwa pa yo se te Jazer, tout vil nan Galaad yo ak mwatye peyi a fis Ammon yo, jis rive nan Aroër ki devan Rabba a, 26 epi soti Hesbon, jis rive nan Ramath-Mitspé, Bethonim ak soti Mahanaïm jis rive nan lizyè Debir a; 27 epi nan vale a, Beth-Haram, Beth-Nimra, Succoth ak Tsaphon, sila ki rete nan wayòm Sihon an, wa Hesbon an, avèk Jourdain an kòm lizyè li jis rive nan pwent Lamè Kinnéreth la, lòt kote Jourdain an vè lès. 28 Sa se eritaj a fis a Gad yo selon fanmi, vil yo ak bouk pa yo.
29 Moïse te, osi, bay yon eritaj a mwatye tribi Manassé a. Li te pou mwatye tribi Manassé a selon fanmi pa yo. 30 Teritwa pa yo te soti nan Mahanaïm, tout Basan, tout wayòm ki pou Og la, wa Basan an ak tout a vil a Jaïr yo ki nan Basan, swasant vil antou. 31 Anplis, mwatye nan Galaad, avèk Aschtaroth ak Édréï, vil nan wayòm Og yo, nan Basan, te vin pou fis Makir yo, fis a Manassé yo, pou mwatye a fis Makir yo selon fanmi pa yo.
32 Sila yo se teritwa ke Moïse te divize kòm eritaj nan ba plèn a Moab yo, lòtbò Jourdain an, vè Jéricho ki nan lès.
33 Men a tribi Levi a, Moïse pa t ba li eritaj. SENYÈ a, Bondye a Israël la, se eritaj pa yo, jan li te pwomèt a yo menm nan.
13:1 Jos 14:10 13:3 I Sam 6:4-16 13:4 Jos 12:18 13:5 I Wa 5:18 13:6 Nonb 33:54 13:8 Jos 12:1-6 13:11 Jen 37:35 13:12 Det 3:11 13:12 Nonb 21:24 13:14 Det 18:1 13:16 Jos 13:9 13:21 Nonb 31:8 13:22 Nonb 31:8 13:27 Nonb 34:11 13:30 Nonb 32:41 13:31 Jos 9:10 13:33 Det 18:1