12
Alò, sila yo se wa a peyi ke fis Israël yo te fin bat e tèren ke yo te vin posede lòtbò Jourdain an vè solèy leve a, soti nan vale Arnon an jis rive nan Mòn Hermon ak tout Araba vè lès: Sihon, wa Amoreyen yo, ki te rete Hesbon, ki te domine soti Aroër ki akote vale Arnon an, ni mitan vale a ak mwatye Galaad, menm jis rive nan ti rivyè Jabbok la, lizyè a fis Ammon an; epi nan Araba jis rive nan lanmè Kinnéreth la, vè lès, jis rive nan lanmè Araba a, ki se Lame Sale a, vè lès vè Beth-Jeschimoth ak nan sid, nan pye pant a Mòn Pisga yo; epi teritwa Og, wa Basan an, youn nan retay Rephaïm ki te rete Aschtaroth ak Édréï, epi li te domine sou Mòn Hermon ak Salca avèk tout Basan, jis rive nan lizyè a Gechouryen ak Maakatyen yo, epi mwatye Galaad, pou rive nan lizyè Sihon, wa Hesbon an.
Moïse, sèvitè SENYÈ a, ak fis Israël yo te bat yo. Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay yo a Ribenit ak Gadit yo, avèk mwatye tribi Manassé a, kòm posesyon.
Alò, sila yo se wa peyi ke Josué avèk fis Israël yo te bat lòtbò Jourdain an, vè lwès, soti Baal-Gad nan vale Liban, jis rive nan Mòn Halak ki leve vè Séir. Epi Josué te bay li a tribi Israël yo kòm posesyon selon divizyon pa yo, nan peyi ti kolin yo, nan ba plèn nan, nan Araba a, nan pant yo, nan dezè a, nan Negev la; Etyen an, Amoreyen an, Kananeyen an, Ferezyen an, Evyen ak Jebizyen an:
wa a Jéricho a, youn; wa a Ai ki akote Béthel la, youn;
10  wa a Jérusalem nan, youn; wa a Hébron an, youn;
11 wa a Jarmuth lan, youn; wa a Lakis la, youn;
12 wa a Églon an, youn; wa a Guézer a, youn;
13 wa a Debir a, youn; wa a Guéder a, youn;
14 wa a Horma a, youn; wa a Arad la, youn
15 wa a Libna a, youn; wa a Adulam nan, youn;
16 wa a Makkéda a, youn; wa a Béthel la, youn;
17 wa a Tappuach la, youn; wa a Hépher a, youn;
18 wa a Aphek la, youn; wa Lascharon an, youn;
19 wa a Madon an, youn; wa a Hatsor a, youn;
20 wa a Schimron-Meron an, youn; wa a Acschaph la, youn;
21 wa a Taanac la, youn; wa a Meguiddo a, youn;
22 wa a Kédesh la, youn; wa a Joknaem nan Carmel la, youn;
23 wa a Dor a, youn; wa a Gojim nan, toupre Guilgal, youn;
24 wa a Thirtsa a, youn. Total wa yo, tranteyen.
12:1 Nonb 32:33 12:2 Det 2:36 12:3 Jos 11:2 12:3 Jos 13:20 12:4 Det 3:11 12:5 Det 3:14 12:6 Nonb 32:33 12:7 Jos 11:17 12:8 Jos 11:16 12:9 Jos 6:2 12:9 Jos 8:29 12:10 Jos 10:23 12:14 Nonb 21:1 12:17 I Wa 4:10 12:18 Jos 13:4