21
1 Apre bagay sa yo, Jésus te vin parèt ankò a disip yo bò kote ✡Lanmè Tibériade la, e se konsa li te vin parèt.
2 Yo te ansanm. Simon Pierre, Thomas, ke yo rele Didyme, e Nathanaël de Cana nan Galilée, e ✡fis a Zébédée yo e de lòt nan disip Li yo.
3 Simon Pierre te di yo: “M ap prale fè lapèch.”
Yo te di li: “N ap prale avè w tou.” Yo ale deyò e te antre nan kannòt la, e ✡nwit sa a, yo pa t kenbe anyen.
4 Men lè bajou te kase, Jésus te kanpe arebò lanmè a, men disip yo ✡pa t konnen ke se te Jésus.
5 Konsa, Jésus te di yo: “Pitit yo, ✡èske nou pa gen kèk grenn pwason?”
Yo te reponn Li: “Non”.
6 E Li te di yo ✡“Voye filè a sou men dwat kannòt la, e nou va kenbe kèk.”
Konsa, yo te voye l, e yo pa t kab rale fè l antre akoz gran kantite pwason yo.
7 ✡Konsa, disip ke Jésus te renmen an te di Pierre: “Se Senyè a.”
Lè Simon Pierre te tande ke se te Senyè a, li te mete vètman li, paske li te retire rad li pou travay la, e te voye kò li nan lanmè a.
8 Men lòt disip yo te vini nan ti kannòt la, paske yo pa t lwen tè a, men sèlman anviwon san mèt, pou rale filè plen pwason an. 9 E lè yo te desann atè, yo te wè yon ✡dife chabon deja prepare, avèk pwason sou li, ak pen.
10 Jésus te di yo: “Pote kèk nan ✡pwason ke nou fenk kenbe yo.”
11 Simon Pierre te monte e te rale filè a atè a, byen plen gwo pwason, san-senkann-twa, e malgre ke te gen gran kantite sa a, filè a pa t chire.
12 Jésus te di yo: “Vin pran ✡ti dejene.”
Okenn nan disip yo pa t tante kesyone L: “Ki Moun Ou ye?” paske yo te konnen ke se te Senyè a.
13 Jésus te vini. Li te pran ✡pen an, epi te bay yo, ansanm ak pwason an.
14 Sa koulye a se ✡twazyèm fwa ke Jésus te vin parèt a disip yo, depi Li te leve soti nan lanmò a.
15 Konsa, lè yo te fin dejene, Jésus te di a Simon Pierre: “Simon, fis a Jean, ✡èske ou renmen M plis ke sa yo?”
Li te di Li: “Wi Senyè. Ou konnen ke m renmen Ou.”
Li te di li: “Okipe Mouton Mwen yo.”
16 Li te di li ankò yon dezyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”
Li te reponn Li: “Wi Senyè, Ou konnen ke m renmen Ou.”
Li te di li: ✡“Fè bèje mouton Mwen yo.”
17 Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”
Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?”
E li te di Li: “Senyè, ✡Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.”
Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo. 18 Anverite, anverite Mwen di ou, lè ou te pi jenn, ou te konn mare sentiwon ou, e mache kote ou te pito. Men lè ou vin vye, ou va lonje men ou epi yon lòt ap mare sentiwon ou e mennen ou kote ou pa vle ale.”
19 Sila Li te di pou montre pa ✡ki kalite mò li ta bay glwa a Bondye a. E lè Li te pale sa, Li te di L: “Swiv Mwen!”
20 Pierre te vire gade pa dèyè e te wè ✡disip ke Jésus te renmen an t ap swiv li. Sila ki te ✡apiye sou sen Li nan dènye soupe a, e te di: “Senyè, kilès k ap trayi Ou a?”
21 Epi Pierre, lè l te wè li, te di a Jésus: “Senyè, e pou nonm sila a?”
22 Jésus te di li: “E si Mwen vle li rete jis lè Mwen vini, kisa sa ap ye pou ou? Ou menm, ✡swiv Mwen!”
23 Konsa, pawòl sa te kouri pami tout frè yo ke disip sila a pa t ap mouri. Men Jésus pa t di li ke li pa t ap mouri, men sèlman “Si Mwen vle li rete ✡jis lè Mwen vini, kisa sa ye pou ou?”
24 Sa se disip ki ✡fè temwayaj a tout bagay sa yo, e te ekri bagay sa yo, e nou konnen ke temwayaj li vrè.
25 Epi genyen osi ✡anpil lòt bagay ke Jésus te fè, ke si yo te ekri an detay, mwen pa sipoze ke tout lemonn ta kapab kenbe liv ki t ap ekri yo.
✡ 21:1 Jn 6:1 ✡ 21:2 Mat 4:21 ✡ 21:3 Luc 5:5 ✡ 21:4 Luc 24:16 ✡ 21:5 Luc 24:41 ✡ 21:6 Luc 5:4 ✡ 21:7 Jn 13:23 ✡ 21:9 Jn 18:18 ✡ 21:10 Jn 6:9-11 ✡ 21:12 Jn 21:15 ✡ 21:13 Jn 21:9 ✡ 21:14 Jn 20:19-26 ✡ 21:15 Mat 26:33 ✡ 21:16 Mat 2:6 ✡ 21:17 Jn 16:30 ✡ 21:19 II Pi 1:14 ✡ 21:20 Jn 21:7 ✡ 21:20 Jn 13:25 ✡ 21:22 Mat 8:22 ✡ 21:23 Mat 16:27 ✡ 21:24 Jn 15:27 ✡ 21:25 Jn 20:30