TRAVAY APÒT YO (ZÈV APÒT YO)
1
Premye istwa ke m te ekri a, chè Théophile, sou tout bagay ke Jésus te kòmanse fè ak enstwi yo, jis rive jou lè Li te monte nan syèl la apre Li te fin bay lòd selon Lespri Sen an, a apòt ke Li te chwazi yo. A sila yo osi Li te prezante tèt li vivan apre soufrans Li, e avèk anpil prèv konvenkan, Li te parèt a yo menm pandan karant jou, e te pale avèk yo de bagay ki te konsène wayòm syèl la.
Li te rasanble yo ansanm e te kòmande yo: “Pa kite Jérusalem, men tann sa ke Papa a te pwomèt la; sa ke nou te tande de Mwen menm nan. Paske Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an pa a anpil jou de kounye a.”
Donk, lè yo te reyini ansanm, yo t ap poze Li kesyon, e t ap di: “Senyè èske se nan lè sa a ke W ap restore Wayòm lan an Israël?”
Li te di yo: “Se pa nou menm ki pou konnen ni lè ni tan ke Papa a gen tan fikse pa otorite pa L. Men Nou va resevwa pouvwa lè Lespri Sen an vini sou nou. Nou va temwen Mwen ni nan Jérusalem, ni nan Juda ak Samarie, e jis rive nan dènye ekstremite latè.”
Lè Li te fin di bagay sa yo Li te vin leve anlè pandan yo t ap gade, e yon nyaj te resevwa L. Li te vin disparèt jiskaske yo pa t wè Li.
10 Pandan yo t ap toujou gade byen fikse nan syèl la, pandan Li t ap prale, epi vwala de mesye ak vètman blan te kanpe akote L; 11 E yo menm osi te di: “Moun Galilée yo, poukisa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jésus sila a, ki leve kite nou, pou ale nan syèl la, va vini menm jan ke nou wè L ale nan syèl la”.
12 Alò, yo te retounen Jérusalem sòti nan mòn yo rele Olivier a, ki toupre Jérusalem, a distans mache yon jou Saba. 13 Lè yo te antre nan vil la, yo te ale nan chanm anlè kote yo t ap rete a; sa vle di, Pierre Jean, Jacques André, Philippe, Thomas, Barthélemy, Matthieu, Jacques, ki te fis Alphée a, Simon, Zelòt la, ak Judas, fis a Jacques la. 14 Sa yo avèk yon sèl panse yo t ap toujou pèsevere nan lapriyè, ansanm avèk fanm yo, ak Marie, manman a Jésus, ak frè Li yo.
15 Nan lè sa a, Pierre te kanpe nan mitan frè yo (yon asanble de anviwon san ven moun ki te la ansanm) e te di: 16 “Frè m yo, Ekriti a te oblije vin akonpli, jan Lespri Sen an te anonse oparavan pa bouch David konsènan Judas ki te vin yon gid a sila ki te arete Jésus yo. 17 Paske li te konte pami nou, e te resevwa pati pa li, nan èv sila a.
18 “Alò mesye sila te vin achte yon chan avèk pri mechanste li a; e te tonbe tèt devan; vant li te fann e zantray li te vide sòti. 19 Epi sa te vin byen koni pa tout sila ki te rete Jérusalem yo; pou ke nan pwòp lang pa yo, yo te rele chan sa a Hakeldama, ki vle di chan san an.
20 “Paske sa ekri nan liv Sòm Yo:
‘Kite kote li rete a vin devaste;
e pa kite pèsòn rete ladan l’;
‘Kite yon lòt moun vin pran pozisyon pa li a’.
21 “Donk, li nesesè ke pami moun ki akonpanye nou tout tan ke Senyè Jésus te antre sòti pami nou yo, 22 kòmanse nan batèm Jean, jis rive jou ke Li te anlève soti nan mitan nou an, youn nan sila yo ta dwe devni yon temwen avèk nou de rezirèksyon Li.”
23 Konsa yo te mete devan de mesye, Joseph ke yo te rele Barsabbas, ki te anplis rele Justus, ak Matthias. 24 Yo te priye, e te di: “Ou menm, Senyè ki konnen kè tout moun, montre nou kilès nan de zòm sa yo Ou chwazi a, 25 pou okipe èv apòt sila a ke Judas te vire kite pou ale nan pwòp plas li a.”
26 Yo te fè tiraj osò pou yo, e osò a te tonbe pou Matthias. Konsa, li te ajoute pami onz apòt yo.
1:1 Luc 1:3 1:1 Luc 3:23 1:2 Mat 28:19 1:3 Mat 28:17 1:4 Luc 24:49 1:4 Jn 14:24 1:5 Trav 2:1-4 1:6 Mat 17:11 1:7 Mat 24:36 1:8 Trav 2:1-4 1:8 Luc 24:48 1:9 Luc 24:50,51 1:10 Luc 24:4 1:11 Mat 16:27 1:12 Luc 24:52 1:13 Mc 14:15 1:13 Mat 10:2-4 1:14 Trav 2:42 1:16 Mat 26:47 1:17 Trav 1:25 1:18 Mat 27:3-10 1:19 Mat 27:8 1:20 Sòm 69:25 1:20 Sòm 109:8 1:20 Sòm 109:8 1:21 Luc 24:3 1:23 Trav 1:26 1:24 Mat 3:16 1:25 Wo 1:5 1:26 Lev 16:8