31
“Mwen te fè yon akò ak zye m;
alò kòman konsa mwen ta kab voye rega mwen sou yon vyèj?
Paske se kisa ki pòsyon Bondye soti anwo a,
ak eritaj a Toupwisan an soti anwo a?
Èske li pa yon malè pou sila ki pa dwat yo,
ak yon dezas pou sila ki fè inikite yo?
Èske Li pa wè chemen mwen yo
e kontwole tout pa mwen yo?
 
“Si mwen te mache nan sa ki fo,
e pye m te kouri dèyè twonpe moun,
(kite Li peze mwen nan yon balans ki jis
e kite Bondye konnen entegrite m).
Si pa m yo te vire kite chemen an,
oswa kè m te swiv zye m,
oswa si gen yon tach ki kole sou men m,
kite mwen simen pou yon lòt ta manje,
e kite tout sa m plante vin rache.
 
“Si kè m te sedwi pa yon fanm,
oswa mwen te mize nan pòtay vwazen mwen,
10 kite madanm mwen graje pou yon lòt
e kite lòt yo vin kouche sou li.
11 Paske sa ta yon krim sansyèl;
anplis, li ta yon inikite ki ta dwe jije.
12 Paske li ta yon dife ki pou limen jis rive nan Sejou Lanmò yo
e ta derasine tout byen mwen ranmase yo.
13 Si mwen te refize demand esklav mwen an,
gason kon fanm, lè l te fè yon plent kont mwen,
14 alò, kisa mwen ta kab fè lè Bondye leve?
Konsa, lè L rele m pou jijman,
ki repons mwen ta kab bay Li?
15 Èske Sila ki te fè m nan vant lan pa t fè li menm tou?
Se pa Li sèl ki te fòme nou nan vant lan?
16 Si mwen te anpeche malere yo nan dezi yo,
oswa te fè zye a vèv la pa wè klè,
17 oswa te manje pòsyon pa mwen pou kont mwen
san òfelen an pa jwen ladann,
18 (Men depi jenès mwen, òfelen an te grandi avè m tankou papa l
e soti nan anfans lan, mwen te fè gid pou vèv la),
19 si mwen te wè yon moun peri akoz mank rad,
oswa ke sila ak bezwen pa t gen anyen pou kouvri l,
20 si kè li pa t beni m,
si li pa t chofe ak lenn mouton mwen an,
21 si mwen te leve men m kont òfelen an,
akoz mwen te wè soutyen mwen nan pòtay la,
22 alò, kite zepòl mwen tonbe sòti nan zepòl li,
e bra m kase soti nan zo li.
23 Paske m pè anpil malè Bondye a.
Li tèlman gran ak majeste,
m pa ka fè anyen devan L.
24 Si se nan lò mwen te mete espwa m,
pou m te di lò fen a, ‘se ou ki konfyans mwen,’
25 Si mwen te rejwi akoz byen mwen yo te tèlman gran,
e akoz men m te tèlman ranmase anpil;
26 si mwen te gade solèy la lè l t ap brile,
oswa lalin nan lè li prale nan bèlte li,
27 epi kè m te vin sedwi an sekrè,
e men mwen te voye yon bo ki sòti nan bouch mwen,
28 sa osi ta yon inikite ki merite jijman,
paske mwen t ap abandone Bondye anwo a.
29 Èske mwen te rejwi lè lènmi m te vin disparèt nèt?
Oswa bat men m lè mal vin rive li?
30 Non, mwen pa t kite bouch mwen peche,
ni mwen pa t mande pou l ta mouri avèk malediksyon.
31 Èske mesye nan tant mwen yo pa t di:
‘Ou pa p twouve yon moun ki pa satisfè ak vyann pa li a?’
32 Etranje a pa t rete deyò;
mwen te ouvri pòt mwen yo a vwayajè a.
33 Èske m te kouvri transgresyon mwen yo tankou Adam?
Oswa kache inikite mwen nan kè mwen,
34 akoz mwen te krent gwo foul la?
Oswa akoz krent gwo wont lan devan lòt fanmi yo,
te kenbe silans mwen e pa t sòti deyò?
35 O ke m te gen yon moun ki pou tande mwen!
Gade byen, men otograf mwen! Kite Toupwisan an reponn mwen!
Mennen pwosè vèbal ke akizè a te ekri.
36 Anverite, mwen ta pote l sou zepòl mwen;
mwen ta mare l sou mwen tankou yon kouwòn.
37 Mwen ta deklare a Li fòs kantite pa pye mwen yo pran.
Tankou yon prens mwen ta parèt devan L.
38 Si menm teren mwen an rele kont mwen,
e tout tranch li yo kriye ansanm;
39 si mwen te manje fwi li san lajan,
oswa te kòz ke mèt li yo te pèdi lavi yo,
40 kite pikan yo grandi olye ble
e zèb santi fò ranplase lòj la.”
 
Pawòl yo a Job se fini.
31:1 Mat 5:28 31:2 Job 20:29 31:3 Job 34:22 31:4 II Kwo 16:9 31:5 Job 15:31 31:6 Job 6:2-3 31:7 Job 23:11 31:8 Lev 26:16 31:9 Job 24:15 31:10 Det 28:30 31:11 Lev 20:10 31:12 Job 26:6 31:13 Det 24:14-15 31:15 Job 10:3 31:16 Job 5:16 31:17 Job 29:12 31:19 Job 24:4 31:21 Job 29:12 31:22 Job 38:15 31:23 Job 13:11 31:24 Job 22:24 31:25 Job 1:3-10 31:26 Det 4:19 31:28 Jos 24:27 31:29 Pwov 17:5 31:30 Sòm 7:4 31:31 Job 22:7 31:33 Jen 3:10 31:34 Egz 23:2 31:35 Job 27:7 31:37 Job 1:3 31:38 Job 24:2 31:39 I Wa 21:19 31:40 Job 32:13