30
Men koulye a, sila ki pi jenn pase m ap giyonnen m.
Papa a sila mwen pat ta dakò pou
mete ansanm ak chen bann mouton yo.
Anverite, ki byen fòs men pa yo ta kab fè m?
Gwo fòs te deja disparèt nan yo
akoz mank bagay ak grangou.
Y ap manje tè sèk nan lannwit lan, ak pèt e ak dezolasyon an.
Yo rache fèy raje nan mitan rakèt la.
Manje yo se rasin bayawonn.
Yo chase yo deyò lavil la nan dezè;
yo kriye dèyè yo tankou se vòlè,
jiskaske yo vin rete nan move ravin yo,
nan twou tè ak nan wòch yo.
Pami rak tibwa yo, yo rele fò.
Anba machacha a, yo vin rasanble ansanm.
Pitit a moun fou, wi, pitit a mechan yo,
yo te resevwa fwèt jis lè yo kite peyi a.
Men koulye a, se mwen menm yo pase nan rizib;
mwen devni yon pawòl betiz pou yo.
10 Yo pè m, yo kanpe lwen m,
e yo pa sispann krache nan figi m.
11 Akoz Li te lage fisèl banza a pou te aflije mwen,
yo rete retire brid la nèt devan m.
12 Sou men dwat lan, nich sa vin leve.
Yo rale pye mwen akote.
Yo mennen kont mwen tout manèv destriksyon yo.
13 Yo gate wout mwen.
Yo bourade lachit mwen
san mande sekou.
14 Tankou nan yon gran brèch, yo parèt;
nan mitan tanpèt, yo woule m.
15  Gwo perèz yo vin vire kont mwen.
Yo tanmen gate respè m tankou van.
Byennèt mwen disparèt tankou nwaj.
16 Konsa, koulye a nanm mwen vide nèt.
Jou afliksyon yo sezi m.
17 Nan lannwit, zo m yo frennen anndan m,
e sa yo kap manje m pa pran repo.
18 Ak gwo fòs, vètman m vin tòde sou mwen.
Li mare m nèt tankou kolye manto m.
19 Li te jete mwen nan labou,
e mwen te vin tankou pousyè ak sann.
20 Mwen kriye a Ou menm pou sekou,
men Ou pa reponn mwen.
Mwen kanpe, e se gete, Ou gete m.
21 Ou vin okipe m ak mechanste.
Avèk fòs a men Ou, Ou pèsekite m.
22 Ou leve m wo sou van, e fè m monte;
epi Ou fè m fonn nèt nan move tan an.
23 Paske mwen konnen ke Ou ap mennen m a lanmò,
jis rive nan gwo kay asanble a ki fèt pou tout sila ki viv yo.
24 Malgre, èske yon moun k ap tonbe pa lonje men l?
Oswa nan gwo pwoblem li pa kriye sekou?
25 Èske mwen pa t kriye pou sila nan gwo twoub?
Èske nanm mwen pa t plen tristès pou malere a?
26 Lè m t ap tann sa ki bon an, se mal ki rive m;
lè m tap tann limyè, alò se tenèb ki te vini.
27 Kè m twouble nèt anndan m.
Mwen pa kab poze.
Jou plen ak afliksyon yo parèt devan m.
28 Mwen fè dèy toupatou san solèy.
Mwen kanpe nan asanble;
mwen rele sekou.
29 Mwen te vin frè ak chen mawon,
zanmi ak otrich la.
30 Chè m vin nwa sou mwen,
li kale, e zo m yo brile ak lafyèv.
31 Pou sa, se doulè ap mwen jwe,
e flit mwen an sonne pou sila k ap kriye.
30:1 Job 12:4 30:9 Job 12:4 30:10 És 50:6 30:11 Sòm 32:9 30:12 Sòm 140:4-5 30:13 És 3:12 30:15 Job 3:25 30:16 Sòm 42:4 30:17 Job 30:30 30:18 Job 2:7 30:19 Sòm 69:2-14 30:20 Job 19:7 30:21 Job 16:9-14 30:22 Job 9:17 30:23 Job 9:22 30:23 Ekl 12:5 30:24 Job 19:7 30:25 Job 24:4 30:26 Job 3:25-26 30:27 Lam 2:11 30:28 Job 19:7 30:29 Sòm 44:19 30:30 Sòm 102:3 30:31 És 24:8