12
1 Job te reponn:
2 Anverite, konsa, ✡se nou menm ki se pèp la.
Se ak nou menm tout sajès ap mouri!
3 Men ✡mwen gen lespri menm tankou ou;
mwen pa pi ba pase ou.
Epi se kilès ki pa konnen bagay parèy a sila yo?
4 Mwen se yon blag devan zanmi mwen yo,
sila ki te fè apèl Bondye a, e Li te reponn li an.
Nonm nan ki dwat e ✡san tò a vin yon blag.
5 Sila ki alèz la ri sou malè a;
men l ap tann pye l chape.
6 ✡Tant volè a fè pwofi,
e sila ki pwovoke Bondye byen alez.
Se nan men yo pote dye pa yo.
 
7 “Alò, mande bèt yo menm pou yo kab enstwi ou;
ak zwazo syèl yo; kite yo pale ou.
8 Oswa, pale ak tè a e kite li enstwi ou.
Kite pwason lanmè yo fè deklarasyon pou ou.
9 Se kilès pami tout sila yo ki pa konnen
ke se ✡men SENYÈ a ki fè sa?
10 ✡Nan men a Sila poze lavi a tout sa ki viv la,
ansanm ak ✡souf tout limanite a.
11 Èske ✡zòrèy la pa pase a leprèv tout pawòl,
menm jan ke bouch la goute manje li a?
12 Sajès rete ak ✡granmoun;
yon lavi ki long gen bon konprann.
 
13 “Avèk Bondye se ✡sajès ak pwisans.
A Li menm se konsèy avèk ✡ bon konprann.
14 Gade byen, se Li menm ki ✡detwi; e sa p ap kab rebati.
Li mete yon nonm nan prizon, e nanpwen lage pou li.
15 Gade byen, Li anpeche dlo yo, e yo seche nèt;
Li ✡voye yo deyò pou yo inonde latè a.
16 Avèk Li menm se fòs ak sajès pwofon;
✡ sa ke lòt moun egare ak sila ki egare yo,
tou de se pou Li.
17 Li fè ✡konseye yo mache pye atè
e fè ✡jij yo antre nan foli.
18 Li ✡detache chenn ki mare wa yo,
e mare senti yo ak yon sentiwon.
19 Li fè prèt yo mache san rad,
e boulvèse ✡sila ki ansekirite yo.
20 Li fè moun konfyans pa kab pale,
e ✡retire bon jijman a ansyen yo.
21 Li ✡vide mepriz sou prens yo,
e lache senti a pwisan yo.
22 Li ✡devwale mistè ki nan tenèb yo,
e mennen fènwa pwofon yo antre nan limyè a.
23 ✡Li fè nasyon yo vin gran, e Li detwi yo.
Li fè nasyon yo grandi, e Li mennen yo ale.
24 Li ✡rache lespri a chèf pèp latè yo,
e fè yo egare nan yon savann san chemen.
25 Yo ✡tatonnen nan fènwa a san limyè.
Li fè yo ✡kilbite tankou moun sou.
 
✡ 12:2 Job 17:10 ✡ 12:3 Job 13:2 ✡ 12:4 Job 6:29 ✡ 12:6 Job 9:24 ✡ 12:9 És 41:20 ✡ 12:10 Trav 17:28 ✡ 12:10 Job 27:3 ✡ 12:11 Job 34:3 ✡ 12:12 Job 15:10 ✡ 12:13 Job 9:4 ✡ 12:13 Job 11:6 ✡ 12:14 Job 19:10 ✡ 12:15 Jen 7:11-24 ✡ 12:16 Job 13:7-9 ✡ 12:17 Job 3:14 ✡ 12:17 Job 9:24 ✡ 12:18 Sòm 116:16 ✡ 12:19 Job 34:24-28 ✡ 12:20 Job 17:4 ✡ 12:21 Job 34:19 ✡ 12:22 Dan 2:22 ✡ 12:23 És 9:3 ✡ 12:24 Job 12:20 ✡ 12:25 Job 5:14 ✡ 12:25 És 24:20